Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

345 milya goud: gouvènman an adopte bidjè egzèsis 2025-2026 la

Pa Naïka Eugene

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Réunion officielle autour d'une table avec drapeaux haïtiens et documents

Reyini an Konsèy minis jedi 9 oktòb 2025 sa a nan Palè nasyonal, gouvènman tranzisyon an adopte bidjè nasyonal pou egzèsis fiskal 2025-2026 la. Montan global la rive 345 milya goud.

Nan bidjè sa a, edikasyon rete priyorite a, ak 17 % fon yo, sa ki pi gwo pòsyon an. Sekirite piblik jwenn 13 %, yon chwa estratejik nan yon kontèks enstabilite ki la toujou. Apre sa gen sante (5,7 %), agrikilti (4 %) ak pwosesis elektoral la (2,9 %), sa ki montre yon volonte pou òganize eleksyon nan mwa k ap vini yo.

Dapre otorite yo, prèske 70 % resous ki nesesè yo ta dwe mobilize atravè rekouvreman fiskal ak ladwàn, sa ki mande ranfòsman enstitisyon finansye Leta a. Sepandan, plizyè obsèvatè ekonomik ap poze kesyon sou kapasite reyèl gouvènman an pou rive nan objektif sa yo, akoz fèb nivo konfyans sitwayen yo ak fay estriktirèl nan sistèm pèsepsyon yo.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo