
Nouvo epizòd nan seri nwa koripsyon ann Ayiti. Minis Espò a, Niola Lynn Devalis Octavius, ofisyèlman akize kounye a de detounman lajan piblik. Madi sa a, komisè gouvènman Pòtoprens lan voye dosye li bay kabinè enstriksyon an. Yo konfye zafè a bay jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire.
Pwosedi sa a fèt nan yon kontèks eksplozif. Deja twa manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) enkilpe pou koripsyon, se jij Benjamin Félismé k ap enstwi ka yo. Miltiplikasyon zafè sa yo ranfòse santiman enpinite jeneralize e li alimante yon gwo mefyans anvè enstitisyon yo.
Jij Voltaire, yo souvan rele ak ironi « jij dry cleaning » akoz jan li trete dosye politik sansib yon fason kontwovèse, twouve l nan kè yon tès desizif pou kredibilite lajistis ayisyen. Opinyon piblik la ap tann aksyon klè ak yon kase ak kilti blanchiman jidisyè.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





