Samdi 21 novanm 2026

Sekirite

Fòs Represyon Gang yo: apre echèk Kenyan yo, ofisye ak jandam Chad yo pral deplwaye ann Ayiti talè

Pa Naïka Eugene

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Quatre soldats en uniforme camouflé saluent debout en extérieur

Yo prevwa voye polisye ak jandam chadyen ann Ayiti, pou ede goumen kont gang ame ki kontwole sitou prèske tout kapital la, Pòtoprens, nan kad Fòs Represyon Gang yo (FRG), yo anonse lansman li pou avril 2026.

An total, 750 militè chadyen pral deplwaye. Yo dwe al jwenn FRG ann Ayiti nan kèk mwa k ap vini yo. Yon premye kontenjan pral voye depi fen mwa mas, ak 50 sòlda jeni militè (elektrisyen, plonbye, menizye). Misyon yo se prepare enstalasyon yon baz sou teritwa ayisyen an.

Nan fen avril, 350 lòt sòlda pral deplwaye, pandan rès kontenjan an ta dwe rive nan mwa jen. Se Selil kowòdinasyon operasyon ekstèn (Cecopex), yon ògàn ministè Lame chadyen an ki kowòdone entèvansyon fòs defans ak sekirite yo andeyò fwontyè Chad, k ap sipèvize operasyon an.

Yon preparasyon ki santre sou konba nan vil

Fòmasyon twoup yo gen pou objektif « prepare militè chadyen yo pou konba nan vil ». Anplis, « yon ekip lame a dwe ale an eklerè ann Ayiti pou etidye teren an », dapre yon sous gouvènmantal.

Konsa, Chad reponn apèl Nasyonzini, ki jwe yon wòl sipèvizyon ak sipò lojistik nan kad FRG a. FRG a se yon misyon miltinasyonal Nasyonzini otorize.

Adopte pa Konsèy sekirite a nan fen ane 2025, FRG a dwe mennen operasyon ofansif dirèk kont gang yo. An total, 5 500 sòlda ak polisye ta dwe operasyonèl ann Ayiti apati avril.

Misyon FRG a prevwa pou dire yon ane, men yo poko presize konbe tan egzakteman kontenjan chadyen an pral rete ann Ayiti.

Yon repons entènasyonal devan yon kriz ki dire

Depi plizyè ane, Ayiti ap sibi vyolans gwoup kriminèl, ki responsab asasina, vyòl, piyaj ak kidnaping. Devan sitiyasyon sa a, kominote entènasyonal la te deplwaye yon misyon miltinasyonal ONI sipòte, Kenya te dirije okòmansman, pou sipòte Polis nasyonal d Ayiti nan batay kont gang yo, men ak mwayen yo te jije pandan lontan ki pa t ase.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo