Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

Kabiran: gouvènman Alix Didier Fils-Aimé bese pri gazolin ak dyezèl

Pa Naïka Eugene

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Yon gason ki pale nan yon podyum ak lòt gason dèyè li ak drapo Ayiti

Gouvènman ayisyen an anonse, vandredi 8 me 2026 sa a, yon diminisyon pri de pwodwi petwolye sou mache nasyonal la. Yo kominike desizyon an apre rekòmandasyon Konsèy konsiltatif swivi mache petwolye a.

Dapre pòtpawòl enstitisyon an, Jacques Anderson Desroches, pri galon gazolin nan pral pase kounye a de 725 a 700 goud, sa vle di yon rediksyon 25 goud. Dyezèl la bese menm jan an tou, pri l desann de 850 a 825 goud galon an. Okontrè, kewozèn nan pa chanje, li rete fikse a 845 goud galon an. Otorite yo presize nouvo pri sa yo pral aplike nan yon delè 48 èdtan nan ponp gaz yo atravè teritwa nasyonal la.

Revizyon sa a rive nan yon kontèks ki make pa fliktiyasyon mache petwolye entènasyonal la ak atant popilasyon an devan pri wo pwodwi enèjetik yo.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo