Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

MEF denonse fo dokiman sou pri kabiran epi li avèti kont dezenfòmasyon

Pa Bernadin Jules

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Yon gason nan kostim ap pale devan mikwofòn ak dokiman fo pri kabiran dèyè li

Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) denonse, dimanch sa a, de fo dokiman sou pwodwi petwolye k ap sikile sou rezo sosyal yo. Nan yon mizopwen, enstitisyon an afime nòt sa yo falsifye e yo pa soti nan sèvis li yo ditou.

MEF presize li pa ni ekri ni pibliye dokiman sa yo, epi li envite popilasyon an rete trè vijilan devan pwopagasyon enfòmasyon twonpè sa yo.

Ministè a raple tout kominikasyon ofisyèl li yo pibliye sèlman sou sit entènèt li ak sou platfòm ofisyèl li yo sou rezo sosyal. Li mande medya yo, sitwayen yo ak diferan aktè nan sosyete a verifye otantisite nenpòt enfòmasyon anvan yo pataje l.

Finalman, MEF avèti li rezève dwa pou l pouswiv otè fo dokiman sa yo devan lajistis, ansanm ak nenpòt moun ki patisipe nan difizyon yo, dapre sa lalwa prevwa.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo