Dimanch 15 novanm 2026

Aktyalite

Zangi ayisyen yo, yon ti gwoup kontwole yo, nan kè yon rezolisyon Konsèy sekirite ONI

Pa Jenny Toussaint

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Men yon moun kenbe plizyè ti pwason transparan nan dlo

Konsèy sekirite ONI a ap egzamine kounye a tou aktivite ki ka fè Ayiti fèb, sitou eksplwatasyon ak trafik ilegal resous natirèl yo. Atravè rezolisyon 2831 li adopte 14 oktòb 2026 la, li pwolonje manda Gwoup ekspè sou Ayiti a pou trèz mwa.

Resous natirèl yo antre nan chan sanksyon ONI yo

Tèks la di enfraksyon ki gen rapò ak resous natirèl yo ka lakòz yo mete moun sou lis sanksyon entènasyonal yo. Li envite otorite ayisyen yo tou pou yo pran yon dekrè pou mete lòd nan eksplwatasyon sivèl yo, moun pi konn rele zangi.

Yon rapò chak ane gouvènman ayisyen an dwe bay

Anplis, gouvènman ayisyen an ap dwe remèt yon rapò chak ane sou aplikasyon sanksyon yo, mezi li pran ak obstak li rankontre. Nouvo apwòch sa a soti nan enkyetid ONI genyen devan koripsyon ak detounman resous piblik yo. Pou kounye a, nou poko konnen ki pèsonalite ki ka konsène nan elajisman envestigasyon sa yo.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo