Pou jounen mondyal fanm, Sèvis Jezwit pou Migran (SJM) mande yon atansyon espesyal sou sitiyasyon migran ayisyèn ki viv lanfè pandan yo t ap eseye chape anba kriz k ap fè ravaj nan peyi a.
Nan yon nòt pou laprès ki pibliye 7 mas 2022 sa a, sèvis Jezwit pou Migran eksprime konsiderasyon l pou lide prioritè ONIFanm pou komemorasyon 8 mas ann Ayiti epi li mande sepandan yon rega espesyal sou sò migran ayisyèn yo.
«…anime pa anvi lejitim pou yo viv, kèk ladan yo rive riske tout bagay, jis lavi yo sou liy pasaj ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, sou ti kanòt, nan forè danjere Amerik santral, jis nan dlo Rio Grande ant Meksik ak Texas (Etazini), pami lòt. », SJM deplore nan nòt sa a.
Anpil fanm ayisyèn ki an sitiyasyon migratwa iregilye an Repiblik dominikèn ak nan Meksik (Tapachula, sou fwontyè ak Gwatemala) sibi vyolans fizik ak moral pandan ane anvan an, dapre rapò Gwoup Sipò pou Rapatriye ak Refijye (GARR) ak Solidarite Jezwit Ayisyen (SJM).
Dapre SJM, dat 8 mas la ta dwe yon okazyon tou pou revize sa yo genyen nan lit pou byennèt fanm ayisyèn yo, pandan y ap konsidere defi pou leve yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




