Sou rezo sosyal yo, sitou platfòm Facebook, gen yon fo deba ki leve sou 7 jiyè 2021, dat ki raple asasina prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse. An efè, 7 jiyè 2022 k ap vini an pral make premye anivèsè asasina sa a ki te choke tout nasyon ayisyen an… oubyen prèske. Dat sa a tonbe menm jou ak dènye jou egzamen bakaloreya yo, dapre kalandriye Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fikse a. Men fè ki lakoz deba a, fo deba a pou di vre.
An reyalite, anpil moun estime MENFP pa t dwe fikse egzamen nan dat sa a, e dayè Leta te dwe deklare jou sa a ferye. Ala inyorans!
Menm yon lougawou ak figi moun pa ka nye karaktè trajik lanmò Jovenel Moïse. Se yon fè! Krim san non sa a, klèman, merite yon kondanasyon san non. Men, tout tantativ pou fè 58yèm Chèf Leta ayisyen an tounen ewo se yon fason pou banalize istwa ayisyen an nan dimansyon epik li, ni plis ni mwens.
Menm jan ak lavi ki fè l posib la, istwa pa janm fè kado. Jovenel Moïse se 5yèm prezidan ayisyen yo asasine, apre Jean-Jacques Dessalines, Sylvain Salnave, Cincinnatus Leconte ak Vilbrun Guillaume Sam. Pami kat Chèf Leta sa yo, se sèlman Anperè a, se konsa istwa vle l, ki gen dat lanmò li merite komemorasyon. Wi, n ap pale de jeneralisim Jean-Jacques Dessalines, Ewo Endepandans depi premye lè a, Papa Nasyon an. Sylvain Salnave, Cincinnatus Leconte ak Vilbrun Guillaume Sam, istwa pa ba yo okenn kado. Sa lojik paske, si nou mete nan balans total reyalizasyon twa mesye sa yo ki te dirije Ayiti, li p ap egal mwatye mwatye sa Anperè Jacques 1ye a te reyalize.
Jodi a, poukisa yo ta vle fè istwa bay manti? Poukisa yo ta vle fè yon nonm tounen ewo, yon nonm ki pa t menm konnen, ki pa t menm ka ofri pèp li yon minimòm sekirite? Li fè lapenn pou wè ann Ayiti, chak jou, kijan istwa montre nou nou pa janm aprann anyen nan istwa. Chak jou, akoz inyorans pi, nou banalize istwa, nou bay tit, pòs ak glwa a moun ki pa merite yo. Pran pouvwa a atravè eleksyon yo vòlè pa yon kado istwa ditou, men yon kou yo ba li, an pasan.
Ann kriye lanmò Jovenel Moïse! Ann mande pou yo rann li Jistis! Men, ann evite fè l tounen ewo! Istwa p ap padone nou! Sa k gen zòrèy pou tande, tande!
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





