{"id":43722,"date":"2026-11-20T21:53:04","date_gmt":"2026-11-21T02:53:04","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=43722"},"modified":"2026-11-20T22:06:58","modified_gmt":"2026-11-21T03:06:58","slug":"sandra-paulemon-entegrasyon-touristik-ayiti-karayib","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/sandra-paulemon-entegrasyon-touristik-ayiti-karayib\/","title":{"rendered":"Som\u00e8 mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la"},"content":{"rendered":"<p>Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekst\u00e8n (MPCE), Sandra Paulemon, plede pou yon kowoperasyon rejyonal ki pi solid, pou ede Ayiti antre pi byen nan ekonomi ak touris Karayib la. Li te pran lapaw\u00f2l vandredi 20 novanm 2026, an Repiblik Dominik\u00e8n, pandan Dyal\u00f2g 2026 Som\u00e8 mondyal gouv\u00e8nman yo pou Amerik Latin ak Karayib la (WGS-LAC 2026).<\/p>\n<h2>Yon kowoperasyon touristik ki chita sou konplemantarite destinasyon yo<\/h2>\n<p>Nan yon pan\u00e8l minis Asosyasyon Eta Karayib yo (AEC) te \u00f2ganize sou t\u00e8m \u00ab Yon s\u00e8l lanm\u00e8, plizy\u00e8 destinasyon \u00bb, minis la defann yon apw\u00f2ch touristik ki chita sou konplemantarite destinasyon yo olye de konpetisyon. Li di div\u00e8site kiltir\u00e8l, istorik ak natir\u00e8l peyi nan rejyon an se yon zouti pou devlopman ekonomik, depi mekanis kowoperasyon yo vin pi solid. Sandra Paulemon mete aksan espesyalman sou potansy\u00e8l patrimw\u00e0n Ayiti, li site Sitad\u00e8l Henry, Pal\u00e8 Sans-Souci ak Ramye yo, ki enskri nan patrimw\u00e0n mondyal UNESCO, ansanm ak rich\u00e8s atizana, gastwonomi ak mizik ayisyen.<\/p>\n<h2>Ayiti vle tounen yon patn\u00e8 aktif nan Karayib la<\/h2>\n<p>Menm l\u00e8 li rekon\u00e8t defi sekirite peyi a ap f\u00e8 fas, minis la afime Ayiti gen entansyon depase difikilte l yo pou l tounen yon patn\u00e8 aktif nan devlopman rejyon an. \u00ab Se nan lespri sa a nou patisipe nan dyal\u00f2g sa a: se pa pou nou mande tretman espesyal, men pou nou afime det\u00e8minasyon nou pou nou tounen yon patn\u00e8 aktif, serye e konstriktif nan devlopman ekonomik ak touristik Karayib la \u00bb (tradui soti nan frans\u00e8), li deklare. Pou ambisyon sa a ka reyalize, ch\u00e8f MPCE a pwopoze pou yo devlope sikui touristik plizy\u00e8 destinasyon ki ta lye sit istorik ak kiltir\u00e8l ayisyen yo ak sa l\u00f2t peyi nan rejyon an. Li pale, pa egzanp, de yon itiner\u00e8 ki ta ka mache ant Okap, nan n\u00f2 Ayiti, Milo ak yon l\u00f2t destinasyon nan Karayib la. Li ensiste tou sou nesesite pou amelyore koneksyon pa avyon ak pa bato, fasilite deplasman ant peyi yo epi ranf\u00f2se patenarya ant operat\u00e8 touristik yo. Dapre li, touris rejyonal la dwe f\u00e8 pati politik nasyonal envestisman ak devlopman yo, an tenan kont enfrastrikti, f\u00f2masyon, anviw\u00f2nman ak benefis pou kominote lokal yo.<\/p>\n<h2>Pwoj\u00e8 touristik rejyonal ak benefis ekonomik pou tout moun<\/h2>\n<p>Anplis, Sandra Paulemon souliye enp\u00f2tans pou yo mete antrepriz lokal yo, atizan yo, fanm yo ak j\u00e8n yo nan konsepsyon ak nan egzekisyon pwoj\u00e8 touristik yo, pou benefis ekonomik yo ka pi byen separe. Li salye inisyativ AEC a an fav\u00e8 touris dirab, epi li mande pou angajman rejyonal yo tounen pwoj\u00e8 konkr\u00e8, ak objektif yo ka mezire. Se pout\u00e8t sa, li pwopoze pou yo prepare yon n\u00f2t konsepty\u00e8l ansanm sou yon pwoj\u00e8 rejyonal touris plizy\u00e8 destinasyon ant Eta manm \u00f2ganizasyon an.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati <a href=\"https:&#47;&#47;hebdo24.com&#47;sandra-paulemon-integration-touristique-haiti-caraibes&#47;\" hreflang=\"fr\" lang=\"fr\">v\u00e8syon orijinal an franse a<\/a>.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekst\u00e8n (MPCE), Sandra Paulemon, plede pou yon kowoperasyon rejyonal ki pi solid, pou ede Ayiti antre pi byen nan ekonomi ak touris Karayib la. Li te pran lapaw\u00f2l vandredi 20 novanm 2026, an Repiblik Dominik\u00e8n, pandan Dyal\u00f2g 2026 Som\u00e8 mondyal gouv\u00e8nman yo pou Amerik Latin ak Karayib la (WGS-LAC 2026). Yon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":74,"featured_media":43714,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[5811,5814,5812,5813],"class_list":["post-43722","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","tag-asosyasyon-eta-karayib-yo","tag-sandra-paulemon","tag-some-mondyal-gouvenman-yo","tag-touris-ann-ayiti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/43722","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/74"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=43722"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/43722\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":43724,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/43722\/revisions\/43724"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/43714"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=43722"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=43722"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=43722"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}