{"id":38739,"date":"2021-03-06T10:35:18","date_gmt":"2021-03-06T15:35:18","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yon-popilasyon-nan-detres-devan-yon-eta-ki-echwe\/"},"modified":"2021-03-06T10:35:18","modified_gmt":"2021-03-06T15:35:18","slug":"yon-popilasyon-nan-detres-devan-yon-eta-ki-echwe","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yon-popilasyon-nan-detres-devan-yon-eta-ki-echwe\/","title":{"rendered":"Yon popilasyon nan detr\u00e8s devan yon \u00abEta ki echwe\u00bb"},"content":{"rendered":"<p><strong>Jan jounalis ak blog\u00e8 ayisyen Fanel DELVA te di l byen: esperans lavi yon Ayisyen se 24 \u00e8dtan ki ka renouvle. Nouvo f\u00f2mil la: A demen oswa pita si bandi yo prete nou lavi!<\/strong><\/p>\n<p>Yon jen\u00e8s ki espere yon b\u00e8l lavi, men domaj li toujou lage pou kont li. Sitiyasyon kawotik la pa sispann twouble avni j\u00e8n sa yo ki souvan twouble depi premye vag atak move gouv\u00e8nans otorite ayisyen yo. Yo santi yo plis p\u00e8di, dekouraje, endiye pa konjonkti a. Plis pase yon moun ap poze t\u00e8t yo kesyon sou avni yo, desten yo. Kijan yon j\u00e8n ka reyisi an Ayiti? K\u00e8k iniv\u00e8sit\u00e8 oblije kouri kite peyi a, al an Repiblik Dominik\u00e8n oswa nan l\u00f2t peyi pou ch\u00e8che yon pi byen.<\/p>\n<p>Geraldine EMMANUEL, enfimy\u00e8 e manman yon ti gason 2 an, devaste pa konjonkti sosyo-ekonomik ak politik peyi a kounye a. \u00ab K\u00f2m manman, se yon sitiyasyon ki difisil pou jere paske s\u00e8l pitit gason m nan pa ka rete av\u00e8 m nan kapital la. Mwen travay P\u00f2toprens, men mwen oblije mennen l al viv ak paran m Jeremi, pou m pwoteje l kont kidnaping. Sa manje m anndan paske m pa ka pran swen l \u00bb.<\/p>\n<p>Fanm daf\u00e8 Dashca LOUIS enkyete pou gravite ev\u00e8nman yo e sa gen konsekans sou fonksyonman antrepriz li. \u00ab Kondisyon yo pa avantaje p\u00e8sonn. Sitou l\u00e8 se mikwo antrepriz. Sa deranje ti p\u00e8son\u00e8l la kou direksyon an. Se pou m di w biznis yo kounye a se imaj peyi a \u00bb. Li kontinye: \u00ab Santiman ensekirite sa a febli efikasite ekip la men tou fleksibilite kliyan yo. Nou twouve nou nan yon sitiyasyon kote n ap travay jou pou jou pandan n ap tann pwochen deraj la. Anplis, \u00ab si peyi a pa cho \u00bb vin tounen prensipal fason nou pale \u00bb.<\/p>\n<p>J\u00e8n pwofesyon\u00e8l sa a ki diplome nan ANDC, ki te pale san l pa vle yo site non l, anvayi pa laper\u00e8z chak jou. Li pa pwoteje devan fenom\u00e8n kidnaping lan k ap kraze ekonomi anpil fanmi e ki pa sispann entimide popilasyon an e menm moun ki gen misyon pou pwoteje e s\u00e8vi. \u00ab Mwen gen doul\u00e8. Mwen p\u00e8. Mwen fristre. Mwen san f\u00f2s. Anyen pa gen sans ank\u00f2. Anyen pa enterese m ank\u00f2 \u00bb. Li kontinye ak yon kesyon ki enkyete: \u00ab Ki avni mwen ka espere isit la? \u00bb. Dapre sa l di, dirijan yo bay elektrifikasyon priyorite olye edikasyon, ki se yon chemen pou devlopman.<\/p>\n<p>Kidnaping se yon kalamite pou popilasyon ayisyen an. Sa ki pi grav, \u00ab otorite \u00bb ki an plas yo sanble pa kapab bay yon repons pou fenom\u00e8n sa a. Yon sitiyasyon enkyetan. San lang bwa, avoka Ricardson Bigot denonse enkonpetans Leta. \u00ab Pout\u00e8t in\u00e8si oswa inegzistans yon Leta ki kapab kanpe pwobl\u00e8m sa a k ap manje sosyete a, sitwayen yo pa konnen ki sen pou yo rele. Pafwa, ranson yo monte a yon demi milyon dola ameriken. Paran oblije kraze nan yon bat je yon ekonomi yo bati pandan yon vent\u00e8n ane, s\u00e8lman pou liberasyon yon pw\u00f2ch \u00bb.<\/p>\n<p>\u00ab Sa okipe lespri tout sitwayen nan peyi a. Mwen se avoka, mwen pa ka menm al nan tribinal akoz ensekirite. Kliyan yo menm tou p\u00e8. Anplis, gen gr\u00e8v majistra yo ki paralize aktivite avoka yo \u00bb, Ricardson Bigot temwaye.<\/p>\n<p>Pou goumen kont kidnaping k ap dekapitalize popilasyon an san rete, otorite yo ap eseye pran k\u00e8k mezi, tankou yon selil anti-kidnaping ak retire vit tente sou machin. Gen moun ki rele mezi sa yo bl\u00f2f. \u00c8ske nouvo estrateji sa yo pral rezoud pwobl\u00e8m kidnaping sa a?<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Jan jounalis ak blog\u00e8 ayisyen Fanel DELVA te di l byen: esperans lavi yon Ayisyen se 24 \u00e8dtan ki ka renouvle. Nouvo f\u00f2mil la: A demen oswa pita si bandi yo prete nou lavi! Yon jen\u00e8s ki espere yon b\u00e8l lavi, men domaj li toujou lage pou kont li. Sitiyasyon kawotik la pa sispann twouble [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":18,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38739","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38739","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/18"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38739"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38739\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38739"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38739"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38739"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}