{"id":38732,"date":"2021-03-20T12:01:25","date_gmt":"2021-03-20T16:01:25","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/reveran-pe-joseph-hercule-50-an-sasedos\/"},"modified":"2021-03-20T12:01:25","modified_gmt":"2021-03-20T16:01:25","slug":"reveran-pe-joseph-hercule-50-an-sasedos","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/reveran-pe-joseph-hercule-50-an-sasedos\/","title":{"rendered":"Reveran P\u00e8 Joseph Hercule: 50 an Sas\u00e8d\u00f2s"},"content":{"rendered":"<p>Ane 2021 an make jibile s\u00e8vis Reveran P\u00e8 Joseph Hercule. Pou okazyon an, tout yon seri aktivite prevwa. Ane sa a, aniv\u00e8s\u00e8 sa a tonbe menm l\u00e8 ak f\u00e8t Saint Joseph Lazil.<\/p>\n<p>R\u00e8v li te toujou se te vin pr\u00e8t pou l mete t\u00e8t li nan s\u00e8vis Bondye.<\/p>\n<p>Laureya pwomosyon l nan klas t\u00e8minal nan Lise Alexandre P\u00e9tion, j\u00e8n Hercule te aksepte nan gran semin\u00e8 P\u00f2toprens san l pa t pase egzamen admisyon yo. Se yon ansyen anfan de k\u00e8 nan pawas Saint Antoine Vye Bouk e manm koral legliz sa a tou. Se pout\u00e8t sa fanmi l te toujou konseye l pran chemen sas\u00e8d\u00f2s la.<\/p>\n<p>P\u00e8sekite pa diktat\u00e8 Fran\u00e7ois Duvalier, Jezuit kongregasyon seminaris la te f\u00e8 pati a te oblije kite peyi a.<\/p>\n<p>An 1971, Hercule \u00f2done dyak tranzitwa pou yon pery\u00f2d yon mwa. Menm ane a, Monsey\u00e8 Goin, Ev\u00e8k Okay nan ep\u00f2k la, \u00f2done l \u201cPr\u00e8t\u201d nan katedral Notre Dame Okay.<\/p>\n<p>Kire nan 8 pawas, kounye a an retr\u00e8t nan pawas Saint Joseph Lazil depi 2014, pr\u00e8t Joseph Hercule te s\u00e8vi tou nan pawas Sainte C\u00e9cile Plich\u00e9 ant 1975 ak 1981.<\/p>\n<p>Ant 1978 ak 1988, li te kire nan pawas Sen Jan di Sid. Soti jiy\u00e8 1988 rive mas 1997, li te dirije pawas Sainte Anne Anso. Pawas Sainte Catherine d&#8217;Alexandrie, li te dirije l ant 1997 ak 2005. Ant okt\u00f2b 2005 ak out 2009, yo te nonmen P\u00e8 Hercule kire nan pawas Saint Fran\u00e7ois Xavier Fon-de-Blan.<\/p>\n<p>An 2009, yo te nonmen l nan pawas Saint Joseph T\u00f2b\u00e8k, li te kite l an 2010.<\/p>\n<p>E finalman, anvan l pran retr\u00e8t li, li te nan s\u00e8vis Bondye nan pawas Saint Michel Nip ant 2010 ak 2013.<\/p>\n<p>Jodi a, Reveran an di li rekonesan anv\u00e8 Seny\u00e8 a ki p\u00e8m\u00e8t li rete fid\u00e8l nan minist\u00e8 a pandan tout ane sa yo.<\/p>\n<p>Ak yon sante solid, oktojen\u00e8 a toujou ap dirije m\u00e8s, bat\u00e8m e pafwa fineray.<\/p>\n<p>Pou j\u00e8n ki vle vin pr\u00e8t, Hercule rek\u00f2mande pou yo mete vokasyon yo a lepr\u00e8v atrav\u00e8 egz\u00e8sis lafwa.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ane 2021 an make jibile s\u00e8vis Reveran P\u00e8 Joseph Hercule. Pou okazyon an, tout yon seri aktivite prevwa. Ane sa a, aniv\u00e8s\u00e8 sa a tonbe menm l\u00e8 ak f\u00e8t Saint Joseph Lazil. R\u00e8v li te toujou se te vin pr\u00e8t pou l mete t\u00e8t li nan s\u00e8vis Bondye. Laureya pwomosyon l nan klas t\u00e8minal nan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38732","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38732","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38732"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38732\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38732"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38732"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38732"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}