{"id":38731,"date":"2021-03-23T12:39:32","date_gmt":"2021-03-23T16:39:32","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/gwoup-fantom-509-pa-aji-nan-entere-usa\/"},"modified":"2026-11-16T08:39:51","modified_gmt":"2026-11-16T13:39:51","slug":"gwoup-fantom-509-pa-aji-nan-entere-usa","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/gwoup-fantom-509-pa-aji-nan-entere-usa\/","title":{"rendered":"Gwoup Fantom 509 pa aji nan enter\u00e8 USA"},"content":{"rendered":"<p><strong>San lang bwa diplomatik, anbasad ameriken an Ayiti rele polisye Fantom 509 yo \u201cyon \u00f2ganizasyon krimin\u00e8l\u201d, sitou apre ensidan lendi a ki te lakoz lanm\u00f2 yon ajan UDMO.<\/strong><\/p>\n<p>Nan yon al\u00e8t sekirite depatman Deta a pibliye, anbasad Etazini an Ayiti relaye, yo envite sitwayen ameriken yo limite deplasman ki pa ofisy\u00e8l. N\u00f2t la kole etik\u00e8t krimin\u00e8l sou polisye manifestan sa yo ki ap reklame depi plizy\u00e8 jou rapatriman k\u00f2 fr\u00e8 zam yo, yo te touye pandan operasyon mal f\u00e8t 12 mas la nan Village de Dieu.<\/p>\n<p>Kons\u00e8nan operasyon swisid sa a, anbasad la poko janm pibliye okenn n\u00f2t senpati nan okazyon disparisyon 5 vanyan polisye sa yo, ank\u00f2 mwens egzije pou yo rekipere r\u00e8s yo pou rem\u00e8t fanmi yo ki nan lapenn akoz dram nan.<\/p>\n<p>Pa menm yon fwa anbasad la rele G9 yon \u00f2ganizasyon krimin\u00e8l.<\/p>\n<p>Ann note pozisyon ameriken an swiv pa pozisyon wo eta-maj\u00f2 polis nasyonal d Ayiti ki anonse mezi disiplin\u00e8 kont polisye sa yo.<\/p>\n<p>Depi pr\u00e8ske yon ane, Fantom 509 ap desann nan lari, ak kagoul ak zam nan men, pou f\u00e8 revandikasyon pase, souvan ak anpil vyolans, sitou nan biwo enstitisyon piblik.<\/p>\n<p>An fevriye, sou wout Kanape V\u00e8, echanj tire ant Fantom 509 ak inite PNH te mennen lanm\u00f2 yon ajan Swat.<\/p>\n<p>Gwoup Fantom 509, moun souvan konfonn ak SPNH-17, kritike pa pouvwa ki an plas la ak k\u00e8k manm popilasyon an.<\/p>\n<p>Ansyen Minis jistis ak sekirite piblik la, M\u00e8t Lucmane Delille, te rele yo &#8220;Teworis&#8221;. Ann raple bandi ap tew\u00f2rize popilasyon an, kidnape, vyole e touye, pandan y ap benefisye pwoteksyon gouv\u00e8nman an. Yo te remake sipoze ch\u00e8f gang Jimmy Ch\u00e9rizier ane pase a, ap kow\u00f2done yon distribisyon \u00e8d nan fy\u00e8f li ansanm ak otorite polis yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>San lang bwa diplomatik, anbasad ameriken an Ayiti rele polisye Fantom 509 yo \u201cyon \u00f2ganizasyon krimin\u00e8l\u201d, sitou apre ensidan lendi a ki te lakoz lanm\u00f2 yon ajan UDMO. Nan yon al\u00e8t sekirite depatman Deta a pibliye, anbasad Etazini an Ayiti relaye, yo envite sitwayen ameriken yo limite deplasman ki pa ofisy\u00e8l. N\u00f2t la kole etik\u00e8t [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38731","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38731","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38731"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38731\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":38737,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38731\/revisions\/38737"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38731"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38731"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38731"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}