{"id":38730,"date":"2021-03-25T12:52:11","date_gmt":"2021-03-25T16:52:11","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/atis-ayisyen-mete-tet-yo-ansanm-pou-pote-garry-didier-perez-sekou\/"},"modified":"2021-03-25T12:52:11","modified_gmt":"2021-03-25T16:52:11","slug":"atis-ayisyen-mete-tet-yo-ansanm-pou-pote-garry-didier-perez-sekou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/atis-ayisyen-mete-tet-yo-ansanm-pou-pote-garry-didier-perez-sekou\/","title":{"rendered":"Atis ayisyen mete t\u00e8t yo ansanm pou pote Garry Didier P\u00e9rez sekou"},"content":{"rendered":"<p>Garry Didier P\u00e9rez soufri ensifizans renal. Atis ak l\u00f2t manm sekt\u00e8 mizikal ayisyen an mete t\u00e8t yo ansanm pou pote ansyen chant\u00e8 Zenglen nan sekou.<\/p>\n<p>Jenerasyon 90 yo s\u00e8t\u00e8nman konnen chant\u00e8 karismatik sa a ak cheve boukle l. Videyo l yo te konn ap vire an bouk sou ch\u00e8n televizyon ayisyen yo. \u201cAnba lat\u00e8\u201d, yon klip an nwa ak blan, youn nan pi popil\u00e8 yo, \u201cVideos Plus\u201d te reyalize. Men youn nan pi gwo siks\u00e8 chant\u00e8 a se chante \u201cFid\u00e8l\u201d gwoup Zenglen, yon s\u00f2t de im pou lavi ak mizik ayisyen.<\/p>\n<p>Garry Didier P\u00e9rez kite mak li sou gwoup sa a ki kontinye s\u00e8vi k\u00f2m tranplen pou gwo talan.<\/p>\n<p>Imigre Ozetazini depi pr\u00e8ske yon trant\u00e8n ane, Garry soufri kounye a ensifizans renal. Maladi kwonik sa a mande gwo mwayen ekonomik pou swivi medikal yo.<\/p>\n<p>Pou ede atis la, yon inisyativ mete sou pye: kolekte lajan an fav\u00e8 chant\u00e8 a.<\/p>\n<p>Clinton Beno\u00eet, ansyen chant\u00e8 gwoup D&#8217;Zine, te resevwa yon ap\u00e8l Garry ki te mande l pou l av\u00e8ti l\u00f2t atis yo sou maladi l ak difikilte l.<\/p>\n<p>K\u00f2m travay\u00e8 sosyal ak terapis nan sante mantal ak sikik, Beno\u00eet te pran ap\u00e8l fr\u00e8 mizisyen l lan a k\u00e8.<\/p>\n<p>Dokt\u00e8 yo mande yon s\u00f2m ant 150.000 ak 200.000 dola ameriken, al\u00f2ske se s\u00e8lman 10.000 dola ki disponib, li aprann nou.<\/p>\n<p>Atis ak fanatik san kondisyon Garry Didier P\u00e9rez ap anbake nan leve lajan sa a. Asosyasyon fanm tankou Fanm kore Fanm, pwodikt\u00e8 Zagalo ak l\u00f2t manm dyaspora a pwom\u00e8t pou yo patisipe nan mouvman an.<\/p>\n<p>Clinton Beno\u00eet pa pou kont li nan aktivite mobilizasyon sa a. Ekip li konpoze de Jean Brutus D\u00e9rissaint, Jean H\u00e9rard Richard yo rele Richie, Gazman Pierre, Phillipe Saint Louis pami l\u00f2t.<\/p>\n<p>Yon ap\u00e8l pou solidarite lanse bay tout mizisyen, fanatik Garry ak mizik ayisyen, pou p\u00e8m\u00e8t chant\u00e8 talantye a kontinye pwofite lavi.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Garry Didier P\u00e9rez soufri ensifizans renal. Atis ak l\u00f2t manm sekt\u00e8 mizikal ayisyen an mete t\u00e8t yo ansanm pou pote ansyen chant\u00e8 Zenglen nan sekou. Jenerasyon 90 yo s\u00e8t\u00e8nman konnen chant\u00e8 karismatik sa a ak cheve boukle l. Videyo l yo te konn ap vire an bouk sou ch\u00e8n televizyon ayisyen yo. \u201cAnba lat\u00e8\u201d, yon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38730","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38730","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38730"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38730\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38730"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38730"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38730"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}