{"id":38725,"date":"2021-04-14T13:34:28","date_gmt":"2021-04-14T17:34:28","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/propres-yon-inisyativ-pou-pwoteje-dwa-fanm-andikape-nan-milye-espotif\/"},"modified":"2021-04-14T13:34:28","modified_gmt":"2021-04-14T17:34:28","slug":"propres-yon-inisyativ-pou-pwoteje-dwa-fanm-andikape-nan-milye-espotif","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/propres-yon-inisyativ-pou-pwoteje-dwa-fanm-andikape-nan-milye-espotif\/","title":{"rendered":"PROPRES, yon inisyativ pou pwoteje dwa fanm andikape nan milye esp\u00f2tif"},"content":{"rendered":"<p>Nan lokal Banj nan D\u00e8lma 66, vandredi 9 avril 2021, yon konferans te f\u00e8t pou prezante lapr\u00e8s pwoj\u00e8 sa a yo rele PROPRES. Marie Sofonie Louis, Antren\u00e8 seleksyon fanm foutb\u00f2l anpite yo, te pwofite prezante gran piblik la Mesye Francillon Ch\u00e9ry, nouvo prezidan Asosyasyon Ayisyen Foutb\u00f2l Anpite (AHFA) ki ranplase Mesye Ariel Valembrun nan p\u00f2s sa a.<\/p>\n<p>Premye objektif pwoj\u00e8 sa a se f\u00f2me 50 fanm andikape, si nou kw\u00e8 Madan Louis.<\/p>\n<p>PROPRES se inisyativ sa a ki pral travay nan sansibilizasyon atl\u00e8t yo pandan l lanse yon pl\u00e8dwaye kont vyolans, abi, eksplwatasyon ak arasman seksy\u00e8l yo f\u00e8 fanm andikape nan milye esp\u00f2tif.<\/p>\n<p>Sou t\u00e8m kle sa yo, esp\u00f2tiv sa yo pral jwenn yon f\u00f2masyon. Nan fen f\u00f2masyon sa a, rek\u00f2mandasyon yo pral soum\u00e8t bay otorite konpetan yo pou swit ki neses\u00e8 yo.<\/p>\n<p>AHFA gen entansyon \u00f2ganize yon atelye pou jounalis yo sou t\u00e8m ki gen pou w\u00e8 ak esp\u00f2 sa a. Yon kad asosyasyon an pral prezante yon semin\u00e8 f\u00f2masyon pou jounalis yo sou r\u00e8g foutb\u00f2l anpite ak sou narasyon esp\u00f2 sa a moun pa tw\u00f2 konnen nan mond lan.<\/p>\n<p class=\"p2\">Dokt\u00e8 Vladimyr Saint-Surcis pral ent\u00e8vni sou relasyon ki egziste ant medsin ak foutb\u00f2l anpite. Ap gen yon atelye pou jounalis yo sou atik 6 ak 16 r\u00e8gleman foutb\u00f2l anpite a.<\/p>\n<p>De gwoup jounalis pral gen pou pwodui yon sp\u00f2 piblisit\u00e8 ki pa depase 45 segonn. Yo pral chwazi pi bon an e yon prim rez\u00e8ve pou yo.<\/p>\n<p>Nan objektif pou l enf\u00f2me l sou posib mekanis Leta genyen pou pwoteje dwa fanm andikape nan milye esp\u00f2tif, pwoj\u00e8 sa a yo rele PROPRES gen entansyon rankontre sekret\u00e8 Deta esp\u00f2 a pou yon echanj. Estrikti sa a vle asire l gen lwa ki pwoteje dwa yo. Li swete, si se pa sa, pwopoze antite sa a yon bagay.<\/p>\n<p>Pou fini seri aktivite sa yo an bote, yo pral \u00f2ganize yon k\u00f2kt\u00e8l an prezans lapr\u00e8s pou soum\u00e8t Minis Esp\u00f2 a, Minis Kondisyon fanm ak Dwa fanm nan ak Sekret\u00e8 Deta Esp\u00f2 a kaye dechaj ki gen sent\u00e8z tout rek\u00f2mandasyon yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan lokal Banj nan D\u00e8lma 66, vandredi 9 avril 2021, yon konferans te f\u00e8t pou prezante lapr\u00e8s pwoj\u00e8 sa a yo rele PROPRES. Marie Sofonie Louis, Antren\u00e8 seleksyon fanm foutb\u00f2l anpite yo, te pwofite prezante gran piblik la Mesye Francillon Ch\u00e9ry, nouvo prezidan Asosyasyon Ayisyen Foutb\u00f2l Anpite (AHFA) ki ranplase Mesye Ariel Valembrun nan p\u00f2s [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38725","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38725","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38725"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38725\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38725"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38725"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38725"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}