{"id":38723,"date":"2021-04-15T13:41:34","date_gmt":"2021-04-15T17:41:34","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/magazen-lekol-ak-inivesite-pral-femen-pot-yo-pou-di-non-a-ensekirite\/"},"modified":"2021-04-15T13:41:34","modified_gmt":"2021-04-15T17:41:34","slug":"magazen-lekol-ak-inivesite-pral-femen-pot-yo-pou-di-non-a-ensekirite","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/magazen-lekol-ak-inivesite-pral-femen-pot-yo-pou-di-non-a-ensekirite\/","title":{"rendered":"Magazen, lek\u00f2l ak iniv\u00e8site pral f\u00e8men p\u00f2t yo pou di non a ensekirite"},"content":{"rendered":"<p>Sou rezo sosyo yo, n\u00f2t antrepriz prive k ap anonse f\u00e8mti pwovizwa yo ap tonbe tankou lapli. Devan ogmantasyon ensekirite jeneralize an Ayiti, antrepriz kom\u00e8syal sa yo eksprime jan yo bouke. Anpil ka kidnaping anrejistre, vy\u00f2l ak brakaj devan je tout moun, Leta sanble pa egziste.<\/p>\n<p>P\u00e8p ayisyen an depase pa ev\u00e8nman yo. Polis la san pouvwa e gang ame yo f\u00e8 lalwa. Depi plizy\u00e8 mwa, tout bagay ap mache ralanti nan peyi a. Pou pwoteje t\u00e8t yo, sitwayen pw\u00f2p dirijan yo abandone yo pa gen l\u00f2t chwa pase rezinye yo.<\/p>\n<p>Lendi 14 avril 2021 sa a, yon trant\u00e8n antrepriz anonse f\u00e8mti pwovizwa yo pou jedi 15 avril 2021, yon inisyativ Anadip sip\u00f2te an gwo. K\u00e8k iniv\u00e8site, kote yo te kidnape k\u00e8k etidyan, p ap fonksyone tou 15 avril 2021.<\/p>\n<p>Al\u00f2ske k\u00e8k lyseyen, pou eseye f\u00e8 pwofes\u00e8 yo retounen nan sal klas yo, te mache sem\u00e8n sa a nan lari P\u00f2toprens. Polisye te brital ak k\u00e8k ladan yo e l\u00f2t te viktim gaz lakrimoj\u00e8n.<\/p>\n<p>Relijye yo te kidnape dimanch pase a ansanm ak k\u00e8k manm fanmi yo te jete lwil sou dife a.<\/p>\n<p>Se dezarwa total l\u00e8 popilasyon an te enf\u00f2me sou ensidan \u00f2felina &#8220;Chanje lavi&#8221; nan Kwadebouke kote malfekt\u00e8 te touye yon gadyen e vyole k\u00e8k ti fi.<\/p>\n<p>Lanm\u00f2 Th\u00e9baud te fonse klou a sem\u00e8n sa a. Li se yon l\u00f2t moun ank\u00f2 yo touye pandan yon tantativ kidnaping P\u00f2toprens.<\/p>\n<p>Malgre tout kalamite sa yo p\u00e8p ayisyen an ap viv, referand\u00f2m ak eleksyon rete gwo priyorite dirijan l yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sou rezo sosyo yo, n\u00f2t antrepriz prive k ap anonse f\u00e8mti pwovizwa yo ap tonbe tankou lapli. Devan ogmantasyon ensekirite jeneralize an Ayiti, antrepriz kom\u00e8syal sa yo eksprime jan yo bouke. Anpil ka kidnaping anrejistre, vy\u00f2l ak brakaj devan je tout moun, Leta sanble pa egziste. P\u00e8p ayisyen an depase pa ev\u00e8nman yo. Polis la [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38723","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38723","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38723"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38723\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38723"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38723"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38723"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}