{"id":38714,"date":"2021-05-18T15:36:51","date_gmt":"2021-05-18T19:36:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/voie-d-espoir-yon-pon-ant-moun-yo-te-adopte-ki-gen-orijin-ayisyen-ak-paran-byolojik-yo-an\/"},"modified":"2021-05-18T15:36:51","modified_gmt":"2021-05-18T19:36:51","slug":"voie-d-espoir-yon-pon-ant-moun-yo-te-adopte-ki-gen-orijin-ayisyen-ak-paran-byolojik-yo-an","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/voie-d-espoir-yon-pon-ant-moun-yo-te-adopte-ki-gen-orijin-ayisyen-ak-paran-byolojik-yo-an\/","title":{"rendered":"\u00ab Voie d&#8217;espoir \u00bb, yon pon ant moun yo te adopte ki gen orijin ayisyen ak paran byolojik yo an Ayiti"},"content":{"rendered":"<p>Michel Joseph konnen tou nan mond jounalis la pou rep\u00f2taj li, sitou pou enter\u00e8 l nan sij\u00e8 ki gen rap\u00f2 ak adopsyon. Li demake l de aktyalite a pou l ede tout moun k ap ch\u00e8che paran byolojik yo an Ayiti. Premye rep\u00f2taj li date de 6 an, sa vle di depi 2015. Depi l\u00e8 sa a, prezantat\u00e8 jounal 19-20\u00e8 sou ant\u00e8n RTVC a kole ak lide sa a. Yon r\u00e8v li te karese pandan plizy\u00e8 ane e ki vin tounen yon reyalite. Ant emosyon, det\u00e8minasyon, motivasyon, Michel pa vle rate yon s\u00e8l okazyon pou l pote kontribisyon l nan bon\u00e8 l\u00f2t moun. <\/p>\n<p>Nouvo estrikti \u00ab Voie d&#8217;espoir \u00bb la te konsakre samdi 6 mas 2021 sa a yon jounen resansman pou tout paran ayisyen k ap ch\u00e8che pitit yo ki te adopte. Resansman sa a pral p\u00e8m\u00e8t jwenn yo atrav\u00e8 enf\u00f2masyon debaz. Dapre t\u00e8t panse a, Michel Joseph, plis pase 700 fanmi te f\u00e8 gwo deplasman an. Yo te swaf yon inisyativ konsa. Ou ta di Bondye te desann sou t\u00e8 a. Figi yo te eksprime yon lajwa ki deb\u00f2de, yon esperans pou rekonekte ak pitit yo apre anpil ane separasyon. <\/p>\n<p>Yon sant\u00e8n j\u00e8n te p\u00f2te volont\u00e8 pou aktivite tr\u00e8 lwab sa a reyisi. Yon jounen ki te tr\u00e8 efikas, tr\u00e8 motivan e ki te make plis pase yon moun. Chak istwa se yon dekouv\u00e8t nan direksyon yon nouvo mond ak yon nouvo lavi. <\/p>\n<p>Voie d&#8217;espoir vle vin yon patrimw\u00e0n, yon referans, yon destinasyon, e li bay t\u00e8t li misyon pou f\u00e8 souri tout paran ak timoun yo te adopte yo ren\u00e8t. E li vle tou vin chemen sa a ki mennen nan espwa.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Michel Joseph konnen tou nan mond jounalis la pou rep\u00f2taj li, sitou pou enter\u00e8 l nan sij\u00e8 ki gen rap\u00f2 ak adopsyon. Li demake l de aktyalite a pou l ede tout moun k ap ch\u00e8che paran byolojik yo an Ayiti. Premye rep\u00f2taj li date de 6 an, sa vle di depi 2015. Depi l\u00e8 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":18,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38714","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38714","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/18"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38714"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38714\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38714"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38714"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38714"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}