{"id":38712,"date":"2021-05-29T01:15:51","date_gmt":"2021-05-29T05:15:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/unicef-nonmen-jean-jean-roosevelt-ak-bic-anbasade-bon-volonte-nasyonal\/"},"modified":"2021-05-29T01:15:51","modified_gmt":"2021-05-29T05:15:51","slug":"unicef-nonmen-jean-jean-roosevelt-ak-bic-anbasade-bon-volonte-nasyonal","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/unicef-nonmen-jean-jean-roosevelt-ak-bic-anbasade-bon-volonte-nasyonal\/","title":{"rendered":"UNICEF nonmen Jean Jean Roosevelt ak BIC &#8220;Anbasad\u00e8 b\u00f2n volonte nasyonal&#8221;"},"content":{"rendered":"<p><strong>Pandan yon seremoni ofisy\u00e8l nan ot\u00e8l Karibe jedi 27 me 2021 sa a, Mesye Bruno Maes, reprezantan UNICEF an Ayiti, te nonmen atis Jean Jean Roosevelt ak Roosevelt Saillant yo rele BIC &#8220;Anbasad\u00e8 b\u00f2n volonte nasyonal&#8221;. An prezans lapr\u00e8s, kad \u00f2ganis la, timoun ak l\u00f2t p\u00e8sonalite, atis sa yo ak reprezantan UNICEF yo te siyen l\u00e8t nominasyon yo pou yon dire de (2) an.<\/strong><\/p>\n<p>Se pa yon fav\u00e8 yo f\u00e8 atis sa yo ki f\u00e8k nonmen &#8220;anbasad\u00e8 b\u00f2n volonte nasyonal&#8221; pa UNICEF, Madan Aldine Parissot, ki te M\u00e8tr\u00e8s Seremoni an, raple. Nan mo byenvini l, li te prezante Jean Jean Roosevelt ak BIC k\u00f2m de atis ki gen anpil talan ki, menm anvan yo nonmen yo anbasad\u00e8, t ap defann k\u00f2z timoun atrav\u00e8 t\u00e8ks mizik yo.<br \/>Nan ent\u00e8vansyon l, Mesye Bruno Maes te eksprime fy\u00e8te l paske li te ka onore de diy pitit Ayiti.<\/p>\n<p>&#8220;Se yon on\u00e8 pou mwen ak pou UNICEF Ayiti pou nou genyen nou b\u00f2 kote nou pou pwomosyon dwa timoun&#8221;, Reprezantan UNICEF an Ayiti a te di ak f\u00f2s.<\/p>\n<p>Mesye Maes kw\u00e8 nan kapasite nouvo anbasad\u00e8 yo ki pral ka pale dir\u00e8kteman ak desid\u00e8 politik, donat\u00e8, kominote, paran, manm fanmi, pou mande yo veye sou resp\u00e8 dwa timoun, pou enter\u00e8 sipery\u00e8 timoun nan.<\/p>\n<p>&#8220;De (2) moniman mizik ayisyen nou onore jodi a ka s\u00e8vi ak talan yo ak popilarite yo pou plede k\u00f2z timoun yo e akonpaye UNICEF, men tou Gouv\u00e8nman Ayiti, pou garanti chak timoun dwa a lasante, edikasyon, aks\u00e8 a dlo, ijy\u00e8n ak sanitasyon, pwoteksyon ak chans egal&#8221;, li kontinye.<\/p>\n<p>Anbasad\u00e8 yo chak te resevwa nan men reprezantan yo yon kit ki gen matery\u00e8l s\u00e8vis. Youn apre l\u00f2t, yo te rem\u00e8sye UNICEF paske li te chwazi yo. Nouvo anbasad\u00e8 yo pwom\u00e8t y ap kontinye travay yo te k\u00f2manse depi lontan. Y ap f\u00e8 k\u00f2z timoun yo tounen pw\u00f2p k\u00f2z pa yo.<\/p>\n<p>Madan Jean Gough, Direktris Rejyonal UNICEF pou Amerik Latin ak Karayib, nan ti diskou l, pa t kache lajwa l. Li di li satisf\u00e8 paske kounye a li gen de atis sa yo nan ran li. Li raple atrav\u00e8 chante yo, atis sa yo te rann kominote yo gwo s\u00e8vis. Li espere tou kolaborasyon sa a ap gaye e l ap dire tr\u00e8 lontan.<\/p>\n<p>Piblik la te jwenn yon p\u00e8f\u00f2mans atis yo. Ak gita l, Jean Jean Roosevelt, ak \u00e8d asistans lan, te ent\u00e8prete chante &#8220;Pourquoi a-t-on grandi&#8221;. Atis la raple chante sa a te ba l anpil jar\u00e8t pou l rafle pri jw\u00e8t frankofoni yo nan Nice an 2013.<\/p>\n<p>Pou pa l, BIC te prefere ent\u00e8prete chante &#8220;Mesi manman&#8221; pou f\u00e8 manman yo plezi k\u00f2m prelid pou f\u00e8t manman. Malgre mezi bary\u00e8 akoz dezy\u00e8m vag covid-19 la, asistans lan te byen pran plezi.<\/p>\n<p>Kreye 11 desanm 1946, Fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF) se estrikti ONI sa a ki f\u00e8 pwomosyon dwa timoun atrav\u00e8 mond lan.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan yon seremoni ofisy\u00e8l nan ot\u00e8l Karibe jedi 27 me 2021 sa a, Mesye Bruno Maes, reprezantan UNICEF an Ayiti, te nonmen atis Jean Jean Roosevelt ak Roosevelt Saillant yo rele BIC &#8220;Anbasad\u00e8 b\u00f2n volonte nasyonal&#8221;. An prezans lapr\u00e8s, kad \u00f2ganis la, timoun ak l\u00f2t p\u00e8sonalite, atis sa yo ak reprezantan UNICEF yo te siyen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38712","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38712","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38712"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38712\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38712"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38712"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38712"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}