{"id":38711,"date":"2021-05-31T18:33:56","date_gmt":"2021-05-31T22:33:56","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yon-lot-rel-yon-fanm-ki-swaf-lanmou\/"},"modified":"2021-05-31T18:33:56","modified_gmt":"2021-05-31T22:33:56","slug":"yon-lot-rel-yon-fanm-ki-swaf-lanmou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yon-lot-rel-yon-fanm-ki-swaf-lanmou\/","title":{"rendered":"\u00abYon l\u00f2t\u00bb, r\u00e8l yon fanm ki swaf lanmou"},"content":{"rendered":"<p class=\"has-text-align-center\"><strong>K\u00f2m prelid pou s\u00f2ti premye album solo l yo rele \u00ab F\u00f2s \u00bb, chant\u00e8z Vanessa D\u00e9sir\u00e9 devwale vandredi 28 me 2021 sa a yon nouvo tit, \u00ab Yon l\u00f2t \u00bb, an kolaborasyon ak Rutshelle Guillaume. \u00ab Yon l\u00f2t \u00bb se yon melanj zouk ak konpa ki f\u00e8 moun danse anpil.<\/strong><\/p>\n<p>Chante sa a se r\u00e8l tout fanm ki swaf lanmou, tandr\u00e8s ak atansyon. Vanessa mete chapo p\u00f2tpaw\u00f2l tout fanm ki konfwonte ak yon reyalite konsa. Ansyen vis-chanpy\u00f2n \u00abDigicel Stars\u00bb la eksplike kijan li renmen nonm li a san mezi. Li pare pou l f\u00e8 tout bagay pou f\u00e8 l plezi e f\u00e8 l konprann lanmou l. Men, malerezman, nonm nan pa konsyan e li pa santi anyen devan tout atansyon li ba li.<\/p>\n<p>Malgre enfidelite l, mank enter\u00e8 l, mank atansyon l, ent\u00e8pr\u00e8t \u00abYou\u00bb la te konn sip\u00f2te tout bagay nan espwa yon chanjman. \u00ab paske m renmen w, sou sa m fikse m. Se sak f\u00e8 m pa janm revolte. Mwen asepte tout sak pase nan lespwa yon jou sa va chanje. Menm l\u00e8 w derespekte m, twonpe m anba je m, mwen rete la ap sipote. Mwen se yon bon fi, mwen konnen m vo plis ke sa. Mwen merite yon moun ki Renmen m\u00bb, li chante ak espwa pou l jwenn yon nonm ki ta konn renmen l ak yon lanmou sens\u00e8 e san limit.<\/p>\n<p>Byen bw\u00f2d\u00e8, ak yon b\u00e8l souri sou figi l, je l k ap petiye, chant\u00e8z Rutshelle Guillaume f\u00e8 yon antre mayestral ak b\u00e8l vwa l, ki gen yon dous\u00e8 siwo my\u00e8l. Ou te kite l antre nan lavi w, paske av\u00e8 l, ou te vle yon avni, li di Vanessa D\u00e9sir\u00e9. Dapre La Rebelle, Vanessa se yon fanm magnifik, plen kalite, karism ak elegans e li merite pi bon: yon nonm ki ta ka f\u00e8 l kontan. Ent\u00e8pr\u00e8t \u00ab M pa la ank\u00f2 \u00bb di chant\u00e8z Vanessa pa kite okenn gason rabese l, paske l ap jwenn yon l\u00f2t.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>K\u00f2m prelid pou s\u00f2ti premye album solo l yo rele \u00ab F\u00f2s \u00bb, chant\u00e8z Vanessa D\u00e9sir\u00e9 devwale vandredi 28 me 2021 sa a yon nouvo tit, \u00ab Yon l\u00f2t \u00bb, an kolaborasyon ak Rutshelle Guillaume. \u00ab Yon l\u00f2t \u00bb se yon melanj zouk ak konpa ki f\u00e8 moun danse anpil. Chante sa a se r\u00e8l [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":18,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38711","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38711","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/18"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38711"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38711\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38711"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38711"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38711"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}