{"id":38709,"date":"2021-06-07T16:20:07","date_gmt":"2021-06-07T20:20:07","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/pierre-reginald-boulos-lanse-yon-apel-pou-pote-moun-matisan-yo-sekou\/"},"modified":"2021-06-07T16:20:07","modified_gmt":"2021-06-07T20:20:07","slug":"pierre-reginald-boulos-lanse-yon-apel-pou-pote-moun-matisan-yo-sekou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pierre-reginald-boulos-lanse-yon-apel-pou-pote-moun-matisan-yo-sekou\/","title":{"rendered":"Pierre R\u00e9ginald Boulos lanse yon ap\u00e8l pou pote moun Matisan yo sekou"},"content":{"rendered":"<p class=\"has-text-align-center\"><strong>Moun ki rete nan 3y\u00e8m sikonskripsyon P\u00f2toprens ap f\u00e8 fas ak youn nan moman ki pi difisil yo. Sa f\u00e8 yon sem\u00e8n, gang rival ap goumen e y ap gouv\u00e8ne jan yo vle. Popilasyon an nan gwo detr\u00e8s e li endiye devan diferan dega moun ki byen ame sa yo enpoze.<\/strong><\/p>\n<p>Nan yon n\u00f2t pou lapr\u00e8s, dokt\u00e8 Pierre R\u00e9ginald Boulos reyaji sou sitiyasyon moun ki rete nan antre sid kapital la. \u00ab Popilasyon an nan detr\u00e8s, lage n\u00e8t pou kont li ak gang yo, twouve l san abri, san manje, san espwa. Plizy\u00e8 diz\u00e8n milye moun oblije kouri kite vyolans konfwontasyon ant gang yo pandan Polis Nasyonal d Ayiti pa gen pouvwa pou akonpli misyon l ki se pwoteje e s\u00e8vi\u00bb, nou li nan kominike sa a.<\/p>\n<p>Tout silans se konplisite s\u00e8lman! Tout silans se swisid.<\/p>\n<p>Paske se ta yon foli pou n panse nan konf\u00f2 nou, nan kay nou ak nan z\u00f2n nou ki sipoze an sekirite, nou pwoteje \u00bb, li rele silans lan yon zak konplisite.<\/p>\n<p>Sepandan, Boulos lanse yon ap\u00e8l solidarite pou plizy\u00e8 milye moun sa yo ki nan lari e li mande pou nou pa rete pasif devan sitiyasyon sa a: \u00ab yon j\u00e8s b\u00f2 kote nou, nou menm ki s\u00e8t\u00e8nman gen pouvwa a, si nou mete t\u00e8t nou ansanm.<\/p>\n<p>Devan absans Leta a, f\u00f2k gen yon repons kons\u00e8te, ijan e ki pa demagojik, an dey\u00f2 tout enter\u00e8 politik. Nou dwe pi vit posib antreprann yon gwo aksyon imanit\u00e8 pou tout z\u00f2n vyolans av\u00e8g sa a frape, vyolans pouvwa a tolere e pet\u00e8t menm ankouraje \u00bb.<\/p>\n<p>Li mande sip\u00f2 tout moun pou soti nan eta koma ak swisid sa a e pou aji ansanm pou travay pou remete yon Eta de dwa sou pye. Responsab Troisi\u00e8me Voie a envite popilasyon an rele responsablite imedya moun k ap dirije yo e ki absan nan moman sa a. Silans yo pa akseptab, inaksyon yo se konplisite e endiferans yo koupab.<\/p>\n<p>Anplis, politisyen an espere ap\u00e8l li a ap byen resevwa e l ap jwenn repons ijan trajedi moman an mande.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Moun ki rete nan 3y\u00e8m sikonskripsyon P\u00f2toprens ap f\u00e8 fas ak youn nan moman ki pi difisil yo. Sa f\u00e8 yon sem\u00e8n, gang rival ap goumen e y ap gouv\u00e8ne jan yo vle. Popilasyon an nan gwo detr\u00e8s e li endiye devan diferan dega moun ki byen ame sa yo enpoze. Nan yon n\u00f2t pou [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":18,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38709","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38709","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/18"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38709"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38709\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38709"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38709"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38709"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}