{"id":38686,"date":"2021-07-23T19:53:21","date_gmt":"2021-07-23T23:53:21","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yo-trayi-mari-m-martine-moise-lanse\/"},"modified":"2021-07-23T19:53:21","modified_gmt":"2021-07-23T23:53:21","slug":"yo-trayi-mari-m-martine-moise-lanse","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yo-trayi-mari-m-martine-moise-lanse\/","title":{"rendered":"&#8220;Yo trayi mari m&#8221;, Martine Mo\u00efse lanse"},"content":{"rendered":"<p><strong>Se 23 jiy\u00e8 2021 sa a yo te chante fineray nasyonal ansyen prezidan Jovenel Mo\u00efse nan N\u00f2 peyi a, pi presizeman nan Madl\u00e8n.<\/strong><\/p>\n<p>Yon seremoni fin\u00e8b ki te f\u00e8t an prezans plizy\u00e8 p\u00e8sonalite nan mond diplomatik la, tankou anbasadris Etazini an Ayiti, Madan Mich\u00e8le Sison, Premye Minis ki f\u00e8k enstale a, Dr Ariel Henry, ak p\u00e8sonalite nan klas politik la tankou Mo\u00efse Jean-Charles, lid\u00e8 pati &#8220;pitit Desalin&#8221;, opozan few\u00f2s rejim PHTK a.<\/p>\n<p>L\u00e8 l pran lapaw\u00f2l pou f\u00e8 el\u00f2j fin\u00e8b mari l, li menm li te pase 25 an b\u00f2 kote l, Martine Mo\u00efse, san detou, te f\u00e8 konnen prezidan an te trayi.<\/p>\n<p>Nan gwo lapenn pou depa mari l, Martine pwom\u00e8t pou l kontinye batay Jovenel Mo\u00efse t ap mennen an pandan l reklame jistis pou defen prezidan an.<\/p>\n<p>&#8221; si nou rete bwa kwaze san nou ap kontinye koule. Jodi a se Jovenel, demen se ka li menm, ou menm, nou menm &#8230; Nou ka p\u00e8di yon batay men nou pap p\u00e8di lag\u00e8. Lit la poko fini.&#8221;, v\u00e8v ansyen Prezidan Jovenel Mo\u00efse la te deklare.<\/p>\n<p>Pou pa l, pi gran pitit gason ansyen patwon AGRITRANS lan, Joverlein Mo\u00efse, te f\u00e8 lwanj kalite papa l.<\/p>\n<p>&#8221; papa m se yon moun ki te gen lanmou, menm sil tap viv nan mitan mechan. Li te sens\u00e8 malgre li tap viv nan mitan tr\u00e8t&#8221;, li te di ak f\u00f2s pandan l t ap kriye.<\/p>\n<p>Menm si yo te remake yon gwo dispozitif sekirite pandan tout dewoulman fineray la, sa pa t anpeche militan yo eksprime fristrasyon yo. Fache, yo mande jistis pou li menm m\u00e8sen\u00e8 te asasinen lakay li nan nwit 7 jiy\u00e8 pase a.<\/p>\n<p>Ann note k\u00e8k \u00e8dtan apre seremoni fin\u00e8b la, yo te siyale s\u00e8n piyaj ak dife nan k\u00e8k kote nan dezy\u00e8m vil peyi a. Patizan defen prezidan an te mete dife nan k\u00e8k antrepriz prive. Jounalis yo te agrese te oblije kamoufle t\u00e8t yo ak mayo omaj pou ansyen prezidan an pou yo sove po yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se 23 jiy\u00e8 2021 sa a yo te chante fineray nasyonal ansyen prezidan Jovenel Mo\u00efse nan N\u00f2 peyi a, pi presizeman nan Madl\u00e8n. Yon seremoni fin\u00e8b ki te f\u00e8t an prezans plizy\u00e8 p\u00e8sonalite nan mond diplomatik la, tankou anbasadris Etazini an Ayiti, Madan Mich\u00e8le Sison, Premye Minis ki f\u00e8k enstale a, Dr Ariel Henry, ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38686","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38686","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38686"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38686\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38686"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38686"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38686"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}