{"id":38675,"date":"2021-08-26T21:06:01","date_gmt":"2021-08-27T01:06:01","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/lansman-nouvo-sevis-transfe-direk-sou-kont-bank-sogebank\/"},"modified":"2021-08-26T21:06:01","modified_gmt":"2021-08-27T01:06:01","slug":"lansman-nouvo-sevis-transfe-direk-sou-kont-bank-sogebank","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/lansman-nouvo-sevis-transfe-direk-sou-kont-bank-sogebank\/","title":{"rendered":"Lansman nouvo s\u00e8vis \u00ab Transf\u00e8 Dir\u00e8k sou Kont Bank \u00bb Sogebank"},"content":{"rendered":"<p>Sogebank, atrav\u00e8 yon n\u00f2t li pibliye madi 24 out 2021, te anonse lansman yon nouvo s\u00e8vis \u00ab Transf\u00e8 Dir\u00e8k sou Kont Bank \u00bb. An kolaborasyon ak konpayi ent\u00e8nasyonal RIPPLE, Sogebank ofri kliyan li yo nouvo s\u00e8vis rapid e efikas sa a. Kounye a, dyaspora ayisyen an ap ka voye transf\u00e8 dir\u00e8k sou kont bank fanmi ak zanmi yo an Ayiti.<\/p>\n<p>Nouvo s\u00e8vis sa a, ki tr\u00e8 rapid e efikas, ka f\u00e8t atrav\u00e8 REMITEE. Moun k ap voye a ap gen pou l bay enf\u00f2masyon kont moun k ap resevwa transf\u00e8 a, n\u00f2t la presize.<\/p>\n<p>Gladys Coupet, administratris delege Sogebank, deklare lansman s\u00e8vis Transf\u00e8 Dir\u00e8k sou Kont sa a, ki gen yon wo nivo teknolojik, pral fasilite e amelyore resepsyon transf\u00e8 dyaspora a pou byen kliyan Sogebank yo ak popilasyon ayisyen an an jeneral.<\/p>\n<p>Sogebank pa t kache fy\u00e8te l paske li te travay ak REMITEE, yon konpayi ki etabli an Amerik Latin, ki ofri s\u00e8vis transf\u00e8 lajan l apati telef\u00f2n.<\/p>\n<p>Sogebank ankouraje popilasyon ayisyen an pou yo ankouraje fanmi yo ki nan Ajantin ak nan Chili s\u00e8vi ak s\u00e8vis REMITEE pou voye lajan ba yo pou yo benefisye \u00f2f sa a ki pral fini 24 septanm k ap vini an, sa vle di nan yon mwa.<\/p>\n<p>Kreye an 1986, Sogebank se dezy\u00e8m pi gwo bank kom\u00e8syal nan peyi a. Depi pr\u00e8ske 35 an, li bay kominote ayisyen an s\u00e8vis li.<\/p>\n<p>REMITEE ak Sogebank tonbe dak\u00f2 pou anile fr\u00e8 ki lye ak transf\u00e8 dir\u00e8k sou kont sa yo pandan yon mwa an solidarite ak fanmi tranblemannt\u00e8 devastat\u00e8 14 out 2021 la te afekte yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sogebank, atrav\u00e8 yon n\u00f2t li pibliye madi 24 out 2021, te anonse lansman yon nouvo s\u00e8vis \u00ab Transf\u00e8 Dir\u00e8k sou Kont Bank \u00bb. An kolaborasyon ak konpayi ent\u00e8nasyonal RIPPLE, Sogebank ofri kliyan li yo nouvo s\u00e8vis rapid e efikas sa a. Kounye a, dyaspora ayisyen an ap ka voye transf\u00e8 dir\u00e8k sou kont bank fanmi [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38675","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38675","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38675"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38675\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38675"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38675"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38675"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}