{"id":38668,"date":"2021-08-30T22:08:51","date_gmt":"2021-08-31T02:08:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/senk-gwo-defi-jean-jacques-pierre\/"},"modified":"2021-08-30T22:08:51","modified_gmt":"2021-08-31T02:08:51","slug":"senk-gwo-defi-jean-jacques-pierre","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/senk-gwo-defi-jean-jacques-pierre\/","title":{"rendered":"Senk gwo defi Jean-Jacques Pierre"},"content":{"rendered":"<p>Elimine nan premye tou Gold Cup 2021 la e nan kous pou Qatar 2022, Grenadye yo ap k\u00f2manse apati mwa septanm 2021 sa a yon long pery\u00f2d tranzisyon. Moman an rive pou fikse yon objektif e bay t\u00e8t yo mwayen pou rive ladan l. Gold Cup 2023 se objektif ki pi pre pou atenn. Men anvan sa, Jean-Jacques Pierre gen gwo defi pou l leve.<\/p>\n<p><strong>Jwenn match preparasyon ki itil<\/strong><\/p>\n<p>Grenadye yo pral f\u00e8 fas ak Bahreyn ak J\u00f2dani 1ye ak 4 septanm k ap vini yo nan Manama. De premye match ekip la apre eliminasyon nan premye tou Gold Cup 2021 la. Bahreyn se 94y\u00e8m mondyal nan Klasman FIFA mwa out 2021 e J\u00f2dani 95y\u00e8m. Ayiti se 90y\u00e8m nan menm klasman sa a ki pibliye chak mwa.<\/p>\n<p>De match sa yo dwe pwen depa a. San konpetisyon (Elimine nan Koup dimonn, Lig Nasyon yo an poz), ekip nasyonal la ap ka f\u00e8 s\u00e8lman match preparasyon pandan 16 pwochen mwa yo. Jwe omwen de match nan chak &#8221;Poz FIFA&#8221; neses\u00e8. Se vre, planifye match amikal pa travay dir\u00e8k Jean-Jacques Pierre. Men li dwe ensiste b\u00f2 kote dirijan FHF yo pou l jwenn match sa yo pou amelyore p\u00e8f\u00f2mans ekip la. Chwa adv\u00e8s\u00e8 pou f\u00e8 fas ap enp\u00f2tan tou.<\/p>\n<p><strong>Izole pwobl\u00e8m ki pa esp\u00f2tif yo<\/strong><\/p>\n<p>Te gen anpil pwobl\u00e8m ki pa esp\u00f2tif nan seleksyon sa a ant mas ak jiy\u00e8 2021: prim match yo pa peye; pwobl\u00e8m administratif ak lojistik; jw\u00e8 ki toujou pa kontan ak jesyon alantou seleksyon an e ki kritike \u00f2ganizasyon an an piblik; pwobl\u00e8m tik\u00e8 avyon ak jesyon Covid-19. Difikilte sa yo te enfliyanse p\u00e8f\u00f2mans ekip la negativman.<\/p>\n<p class=\"p2\">Nan k\u00e8k ka (Jesyon Covid oswa pwobl\u00e8m administratif), sa te lakoz plizy\u00e8 Grenadye pa t disponib e nan l\u00f2t ka pi resan (prim match yo pa peye), yo te refize kategorikman onore yon konvokasyon nan ekip nasyonal la. Jean-Jacques Pierre ap dwe travay ansanm ak Federasyon an pou izole pwobl\u00e8m sa yo.<\/p>\n<p><b>Reyini gwoup la<\/b><\/p>\n<p>Jean-Jacques Pierre nouvo ak Grenadye yo k\u00f2m seleksyon\u00e8 (ofisy\u00e8lman an p\u00f2s depi 11 mas 2021). Li te oblije entegre san n\u00e8f nan yon ekip ki pa t jwe match depi plis pase yon ane (soti novanm 2019 rive mas 2021). Jw\u00e8 tankou Steeven S\u00e9ance, Ashkanov Apollon, Carn\u00e9jy Antoine, Leverton Pierre, Jeppe Simonsen, Martin Exp\u00e9rience, Francois Dulysse te tout konnen premye konvokasyon yo nan ekip nasyonal A ak Jean-Jacques Pierre.<\/p>\n<p class=\"p2\">K\u00e8k nan jw\u00e8 sa yo te pran yon plas enp\u00f2tan byen vit nan gwoup la, sou do l\u00f2t jw\u00e8. Sa ki te f\u00e8 k\u00e8k moun pa kontan. Ekip la dwe jwenn kowezyon l byen vit, linite sa a ki te kontribye nan siks\u00e8 Gold Cup 2019 la.<\/p>\n<p><b>Amelyore efektif la<\/b><\/p>\n<p>An Ayiti, fanatik yo ap tann pou w\u00e8 Grenadye yo rivalize ak pi bon ekip nan z\u00f2n nan: Etazini, Meksik, Kosta Rika, Jamayik, Kanada. Sa, malgre yon defisi flagran an t\u00e8m enfrastrikti, \u00f2ganizasyon, mwayen finansye ak nivo parap\u00f2 ak ekip nou site pi wo yo.<\/p>\n<p class=\"p2\">Foutbol\u00e8 ayisyen an gen talan men li gen difikilte pou l enpoze l nan premye divizyon yon lig ewopeyen oswa nan MLS Ozetazini. Ekip Kanada a, pa egzanp, te gen yon kenz\u00e8n jw\u00e8 nan MLS nan Gold Cup 2021, kote Ayiti te gen s\u00e8lman Derrick Etienne Jr. Grenadye nou yo nan Kazakstan, nan Chip, an Ayiti e\/oswa nan 2y\u00e8m oswa 3y\u00e8m divizyon frans\u00e8 oswa ameriken.<\/p>\n<p class=\"p2\">Kidonk, diferans nivo a gwo anpil. S\u00e8l fason vr\u00e8man pou ranpli defisi sa a a kout t\u00e8m se rive konvenk k\u00e8k foutbol\u00e8 ki gen orijin ayisyen, nan Ligue 1 oswa l\u00f2t kote nan premye divizyon, pou yo jwe pou Ayiti. Wilson Isidor (Monaco), Odsonne Edouard (Celtic Glasgow), Jean-Kevin Duverne (Brest), Yohann Etienne (Lorient), Yacine Fortun\u00e9 (Angers) f\u00e8 pati kategori sa a. Sa ta pote talan nan tout liy yo, eksperyans ak yon vekou nan wo nivo ki endispansab pou al ch\u00e8che viktwa enp\u00f2tan.<\/p>\n<p><b>Pwopoze yon pi bon foutb\u00f2l<\/b><\/p>\n<p>Defi sa a se, pet\u00e8t, sa ki pi enp\u00f2tan pou leve. Seleksyon nasyonal la montre limit li d\u00e8ny\u00e8man kont gwo ekip z\u00f2n nan, li p\u00e8di 3 fwa kont Kanada (n\u00f2t: 1-0, 3-0 epi 4-1) e yon fwa kont Etazini, 1-0. Sou plan defansif, ekip la pran g\u00f2l li te ka evite. Ant er\u00e8 endividy\u00e8l, fot plasman ak non-resp\u00e8 konsiy taktik, Grenadye yo echwe. Jean-Jacques Pierre ap dwe travay pou jwenn yon ekip ki pi solid. Se endispansab.<\/p>\n<p class=\"p2\">Ekip nasyonal la souvan kreye okazyon g\u00f2l san l pa rive konkretize yo. Okazyon Derrick Etienne Jr kont USA nan Gold Cup 2021, anpil sitiyasyon g\u00f2l kont Matinik ka di anpil bagay. Nou panse ank\u00f2 ak okazyon Ronaldo Damus ak Alex Christian Jr devan Kanada nan Gold Cup la.<\/p>\n<p class=\"p2\">Kidonk, f\u00f2k yo f\u00e8 pi byen nan finisyon e pet\u00e8t, jwenn yon l\u00f2t plan jw\u00e8t ki pral ede pi byen eksplwate diferan talan ki disponib pou kreye plis okazyon g\u00f2l.<\/p>\n<p class=\"s14\">\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Elimine nan premye tou Gold Cup 2021 la e nan kous pou Qatar 2022, Grenadye yo ap k\u00f2manse apati mwa septanm 2021 sa a yon long pery\u00f2d tranzisyon. Moman an rive pou fikse yon objektif e bay t\u00e8t yo mwayen pou rive ladan l. Gold Cup 2023 se objektif ki pi pre pou atenn. Men [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38668","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38668","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38668"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38668\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38668"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38668"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38668"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}