{"id":38666,"date":"2021-08-31T22:19:47","date_gmt":"2021-09-01T02:19:47","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-bahreyn-bal-debitan-yo\/"},"modified":"2021-08-31T22:19:47","modified_gmt":"2021-09-01T02:19:47","slug":"ayiti-bahreyn-bal-debitan-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-bahreyn-bal-debitan-yo\/","title":{"rendered":"Ayiti \u2013 Bahreyn, bal debitan yo"},"content":{"rendered":"<p>Seleksyon nasyonal foutb\u00f2l la ap f\u00e8 fas ak omol\u00f2g li Bahreyn m\u00e8kredi a a midi (l\u00e8 Ayiti) nan match amikal. Okazyon pou seleksyon\u00e8 a lanse yon vag j\u00e8n talan, pif\u00f2 ladan yo gran piblik la pa konnen.<\/p>\n<p class=\"p2\">Plizy\u00e8 kad seleksyon an tankou Arcus, Pierrot, Placide, Ad\u00e9, Alc\u00e9us te refize konvokasyon Jean-Jacques Pierre d\u00e8ny\u00e8man akoz prim match yo pa t resevwa. Seleksyon\u00e8 nasyonal la pa t gen l\u00f2t chwa pase konvoke yon pak\u00e8t nouvo jw\u00e8 pou de match amikal sem\u00e8n sa a.<\/p>\n<p>\u201cSe jw\u00e8 nou an kontak av\u00e8 yo depi fevriye 2021, janvye pou k\u00e8k ladan yo. Yo te f\u00e8 pati, ane sa a, plizy\u00e8 pre-lis elaji\u201d, Jean-Jacques Pierre presize.<\/p>\n<p class=\"p2\">Pami jw\u00e8 sa yo, Shanyder Borgelin, 19 an, atakan gwo kalib (1m96) k ap jwe nan Philadelphia Union II Ozetazini. Li te jwe pandan dezan ak U17 ak U19 ekip sa a, kote l te make 20 g\u00f2l nan 53 match sou sezon 2017-2018 ak 2018-2019. An 2018, Borgelin te jwe pou Grenadye U20 yo, nan Eliminatwa Koup dimonn. K\u00f2m jw\u00e8, li gen \u201cyon pwofil ki sanble ak pa Frantzdy Pierrot\u201d, dapre seleksyon\u00e8 a.<\/p>\n<p class=\"p2\">Sebastien Elney (24 an) se yon l\u00f2t jw\u00e8 pou swiv m\u00e8kredi a. Ansyen jw\u00e8 New York Red Bulls II, li jwe kounye a nan Hartford Athletic, toujou nan USL Ozetazini. Yon pwofil Jean-Jacques Pierre estime tr\u00e8 enteresan k\u00f2m atakan oswa k\u00f2m jw\u00e8 koulwa.<\/p>\n<p class=\"p2\">F\u00e8t de paran ayisyen, Emmanuel Fran\u00e7ois, pou pa l, ap jwe nan D4 Frans\u00e8. Milye teren, li te reprezante Ayiti nan Eliminatwa Jw\u00e8t Olenpik Tokyo yo. Deja an mas 2021, li te pale de fy\u00e8te li santi l\u00e8 l ap jwe pou peyi sa a. \u201cSa f\u00e8 m plezi pou m pote mayo sa a\u201d, li te di.<\/p>\n<p class=\"p2\">Yon l\u00f2t debitan m\u00e8kredi a, Johndly Van Der Meer, 19 an, f\u00e8t an Repiblik Dominik\u00e8n de paran ayisyen epi yo te adopte l nan Peyiba. Li jwe nan Cambuur SC nan premye divizyon ney\u00e8land\u00e8. Non l regily\u00e8man sou f\u00e8y match sezon sa a, men Van der Meer poko jwe yon s\u00e8l minit.<\/p>\n<p class=\"p2\">Anba limy\u00e8 pwojekt\u00e8 yo tou m\u00e8kredi a, defans\u00e8 Jean Fritz Boom (21 an) seleksyon\u00e8 a an kontak kontiny\u00e8l av\u00e8 l depi fevriye 2021. Li jwe nan dezy\u00e8m divizyon chipriy\u00f2t. Anplis, j\u00e8n gadyen Isma\u00ebl Fran\u00e7ois (20 an \u2013 Willem II U21) ta dwe rez\u00e8vis pou match sa a kont Bahreyn.<\/p>\n<p class=\"p2\"><strong>Donald Guerrier tounen<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">Bat\u00e8m dife pou j\u00e8n sa yo ki pral kanmenm jwenn sip\u00f2 k\u00e8k kad tankou Sony Mustivar, Jonel D\u00e9sir\u00e9 e sitou Donald Guerrier, pi ansyen nan gwoup la, k ap f\u00e8 retou l nan ekip nasyonal la. Anef\u00e8, li pa t jwe pou Grenadye yo depi mas 2021 ak viktwa kont Beliz 2-0 nan Eliminatwa Mondyal Qatar 2022 yo. F\u00f2k nou note tou prezans R\u00e9nald M\u00e9telus, koekipye Duckens Nazon ak Stephane Lamb\u00e8se nan Quevilly-Rouen M\u00e9tropole (Ligue 2). Brian Sylvestre, Ashkanov Apollon, Andr\u00e9 Dulysse ak Bicou Bissainthe nan Manama tou, vil mod\u00e8n, kapital Bahreyn.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p>Bahreyn se yon eta zile nan Arabi. Se pi piti peyi nan mond arab la an sip\u00e8fisi (758 Km2). Petw\u00f2l reprezante 60% eksp\u00f2tasyon peyi sa a. Ekip foutb\u00f2l Bahreyn nan kounye a 94y\u00e8m nan mond lan nan Klasman FIFA.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Seleksyon nasyonal foutb\u00f2l la ap f\u00e8 fas ak omol\u00f2g li Bahreyn m\u00e8kredi a a midi (l\u00e8 Ayiti) nan match amikal. Okazyon pou seleksyon\u00e8 a lanse yon vag j\u00e8n talan, pif\u00f2 ladan yo gran piblik la pa konnen. Plizy\u00e8 kad seleksyon an tankou Arcus, Pierrot, Placide, Ad\u00e9, Alc\u00e9us te refize konvokasyon Jean-Jacques Pierre d\u00e8ny\u00e8man akoz prim [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38666","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38666","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38666"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38666\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38666"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38666"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38666"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}