{"id":38643,"date":"2021-09-23T10:42:12","date_gmt":"2021-09-23T14:42:12","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/12yem-edisyon-festival-kont-anba-tonel-fini-an-gran\/"},"modified":"2021-09-23T10:42:12","modified_gmt":"2021-09-23T14:42:12","slug":"12yem-edisyon-festival-kont-anba-tonel-fini-an-gran","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/12yem-edisyon-festival-kont-anba-tonel-fini-an-gran\/","title":{"rendered":"12y\u00e8m edisyon Festival Kont Anba Ton\u00e8l fini an gran"},"content":{"rendered":"<p>Madi 21 septanm 2021 sa a make fen 12y\u00e8m edisyon Festival Kont Anba Ton\u00e8l. \u00d2ganizat\u00e8 yo, nan yon anbyans fou, te f\u00e8men festival la nan jaden Yanvalou Bar-Restaurant devan plizy\u00e8 diz\u00e8n espektat\u00e8. Plizy\u00e8 kont\u00e8 te gen chans f\u00e8 val\u00e8 yo e montre kapasite yo pou pran s\u00e8n nan an otaj.<\/p>\n<p>Li 5\u00e8 nan apremidi. Figi radye P\u00f2toprens vin enstale devan yon s\u00e8n kote plizy\u00e8 diz\u00e8n kont\u00e8 ap f\u00e8 val\u00e8 yo. Youn apre l\u00f2t, kont\u00e8 yo vini e yo mete gwo souri sou figi piblik la. Pami kont\u00e8 sa yo, ann site: Djimy Petiote, Marie Maxline Saintil, Woodjerry Jean Daniel Fleurilus, Lindor Mo\u00efse, Kesner Desrivi\u00e8res, Barnab\u00e9 ak Gr\u00e8s Bal\u00e8n.<\/p>\n<p>\u00d2ganize pa Foudiz\u00e8 Th\u00e9\u00e2tre, nan edisyon Festival sa a, se te kesyon pou mete aksan sou yon figi anblematik kont an Ayiti. Yon bon pret\u00e8ks pou rann li yon omaj ki merite. Se D\u00e9\u00efta. Se pout\u00e8t sa t\u00e8m nan: \u00ab Ann al rankontre D\u00e9\u00efta \u00bb.<\/p>\n<p>Moun ki d\u00e8y\u00e8 Festival \u00ab Kont anba ton\u00e8l \u00bb, ki se yon seri rankont kiltir\u00e8l ak p\u00e8f\u00f2mans atistik ki vize f\u00e8 pwomosyon kont k\u00f2m patrimw\u00e0n imatery\u00e8l ak oral Ayiti, pa t kite premye objektif yo: renoue ak pratik kiltir\u00e8l nou yo e sitou kont. Pou sa, yon lavalas aktivite ki rich e sitou div\u00e8sifye tankou konferans, espektak ak atelye ekriti kont te la nan randevou a.<\/p>\n<p>Soti 17 rive 21 septanm 2021, festival la te depoze sak li nan plizy\u00e8 espas kiltir\u00e8l nan kapital P\u00f2toprens, tankou Yanvalou, Maison Dufort ak Enstiti Frans\u00e8 an Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Madi 21 septanm 2021 sa a make fen 12y\u00e8m edisyon Festival Kont Anba Ton\u00e8l. \u00d2ganizat\u00e8 yo, nan yon anbyans fou, te f\u00e8men festival la nan jaden Yanvalou Bar-Restaurant devan plizy\u00e8 diz\u00e8n espektat\u00e8. Plizy\u00e8 kont\u00e8 te gen chans f\u00e8 val\u00e8 yo e montre kapasite yo pou pran s\u00e8n nan an otaj. Li 5\u00e8 nan apremidi. Figi [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38643","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38643","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38643"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38643\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38643"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38643"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38643"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}