{"id":38637,"date":"2021-09-25T18:21:58","date_gmt":"2021-09-25T22:21:58","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/dapre-luis-abinader-pwoblem-ayiti-konsene-tout-peyi\/"},"modified":"2021-09-25T18:21:58","modified_gmt":"2021-09-25T22:21:58","slug":"dapre-luis-abinader-pwoblem-ayiti-konsene-tout-peyi","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/dapre-luis-abinader-pwoblem-ayiti-konsene-tout-peyi\/","title":{"rendered":"Dapre Luis Abinader, pwobl\u00e8m Ayiti kons\u00e8ne tout peyi"},"content":{"rendered":"<p><strong>Nan yon deklarasyon jounal dominiken List\u00edn Diario rap\u00f2te, prezidan pati L\u00e8s zile a, Luis Abinader, presize \u00abkesyon ayisyen an pa kons\u00e8ne s\u00e8lman Repiblik Dominik\u00e8n ank\u00f2. Kounye a se tout peyi ki dwe mete t\u00e8t yo ansanm pou okipe Ayiti\u00bb, pandan l t ap soti nan yon selebrasyon nan Santo Cerro, La Vega, nan okazyon komemorasyon jou Notre Dame de Las Mercedes.<\/strong><\/p>\n<p>Nan paw\u00f2l li, li afime volonte l pou l kontribye nan dom\u00e8n sekirite e pou l pote l\u00f2t \u00e8d bay Ayiti. Li ajoute li ijan pou ent\u00e8vni pou \u00abpasifye nasyon vwazen an\u00bb.<\/p>\n<p>Sepandan, li mansyone Leta dominiken an pare pou bay sip\u00f2, tan ak espas, men pou rezon \u00abistorik, diplomatik ak pridans\u00bb, li pa bon pou Repiblik vwazen an f\u00e8 pati yon gwoup ki pral pasifye teritwa Ayisyen an.<\/p>\n<p>Kounye a, an Ayiti, se ch\u00e8f bann ki f\u00e8 lalwa, klas politik la divize, yon sosyete ki chire an mil moso, otorite yo pratikman pa gen kontw\u00f2l teritwa a ki nan men moun ame.<\/p>\n<p>Devan sitiyasyon lamantab sa yo, prezidan Dominiken an montre li kons\u00e8ne e li f\u00e8 ap\u00e8l a tout peyi, sitou nan rejyon an, pou yo enplike yo nan objektif pou sove kwen t\u00e8 Desalin nan ki senbolize fy\u00e8te nwa yo.<\/p>\n<p>Paske pwobl\u00e8m Ayisyen an enfliyanse dir\u00e8kteman oswa endir\u00e8kteman peyi nan rejyon an. E se tou yon \u00abijans ni pou rezon imen ni pou rezon sekirite\u00bb.<\/p>\n<p>Ann raple m\u00e8kredi pase a Panama, Kosta Rika ak Repiblik Dominik\u00e8n te tonbe dak\u00f2 sou yon alyans \u00abpou dyal\u00f2g ak koperasyon sou kesyon devlopman ak demokrasi\u00bb e yo te evoke tou sitiyasyon Ayiti ki, dapre yo, merite solisyon rapid.<\/p>\n<p>\u00abAlyans pou ranf\u00f2sman enstitisyonalizasyon demokratik\u00bb se non ak\u00f2 sa a ki te siyen New York, presizeman nan biwo misyon p\u00e8manan Repiblik Dominik\u00e8n nan Nasyonzini, pa prezidan Kosta Rika, Carlos Alvarado; prezidan Panama, Laurentino Cortizo ak prezidan Repiblik vwazen an, Luis Abinader.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan yon deklarasyon jounal dominiken List\u00edn Diario rap\u00f2te, prezidan pati L\u00e8s zile a, Luis Abinader, presize \u00abkesyon ayisyen an pa kons\u00e8ne s\u00e8lman Repiblik Dominik\u00e8n ank\u00f2. Kounye a se tout peyi ki dwe mete t\u00e8t yo ansanm pou okipe Ayiti\u00bb, pandan l t ap soti nan yon selebrasyon nan Santo Cerro, La Vega, nan okazyon komemorasyon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-38637","post","type-post","status-publish","format-standard","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38637","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38637"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38637\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38637"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38637"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38637"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}