{"id":38632,"date":"2021-09-26T18:09:27","date_gmt":"2021-09-26T22:09:27","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/mondy-prunier-mwen-t-ap-tann-moman-sa-a-ak-enpasyans\/"},"modified":"2021-09-26T18:09:27","modified_gmt":"2021-09-26T22:09:27","slug":"mondy-prunier-mwen-t-ap-tann-moman-sa-a-ak-enpasyans","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/mondy-prunier-mwen-t-ap-tann-moman-sa-a-ak-enpasyans\/","title":{"rendered":"Mondy Prunier: \u00ab Mwen t ap tann moman sa a ak enpasyans \u00bb"},"content":{"rendered":"<p>Atakan ayisyen FC Rouen nan, Mondy Prunier (21 an), make de premye g\u00f2l li nan foutb\u00f2l frans\u00e8, samdi 25 septanm sa a, kont rez\u00e8v Stade Malherbe de Caen nan National 2. Pwobableman, k\u00f2mansman yon long e b\u00e8l avanti.<\/p>\n<p class=\"p2\">Mondy Prunier f\u00e8t nan komin Kafou, an Ayiti, 22 desanm 1999. F\u00f2me nan AS Truitier, Mondy te jwe apre sa pou USCAR ak Club Sportif Saint-Louis anvan l antre nan Red Star Gwadloup kote l te jwe pandan dezan.<\/p>\n<p><strong>Li f\u00e8 kont\u00e8 yo vire t\u00e8t nan Gwadloup<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">Se sitou la Mondy Prunier te f\u00e8 moun remake l sou yon gwo ech\u00e8l. G\u00f2l li yo te p\u00e8m\u00e8t Red Star briye nan D2 pou l monte nan D1. Prunier te f\u00e8 kont\u00e8 yo vire t\u00e8t: 45 g\u00f2l ak 19 pas desizif nan 42 match (30 g\u00f2l nan D2 ak 15 nan D1). P\u00e8f\u00f2mans li yo natir\u00e8lman te kapte atansyon rekrit\u00e8 plizy\u00e8 klib National ak National 2 (3y\u00e8m ak 4y\u00e8m Divizyon an Frans). Finalman, Mondy Prunier depoze valiz li nan FC Rouen, klib D4 frans\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p2\">Mondy Prunier ap antrene depi 3 sem\u00e8n ak FC Rouen e adaptasyon an pa t difisil. \u00ab On\u00e8tman, sa te fasil pou mwen. Ekip teknik la ak tout ekip la fasilite bagay yo. Entegre m byen vit se te youn nan objektif mwen tou \u00bb, Mondy Prunier te deklare.<\/p>\n<p class=\"p2\"><strong>Yon ch\u00e8f d\u00e8v an solo<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">Y\u00e8 samdi, pou dezy\u00e8m match ofisy\u00e8l li ak klib la, Mondy Prunier siyen yon doub e FC Rouen genyen 5-2. Pami de g\u00f2l li yo, yon ch\u00e8f d\u00e8v an solo, kote l drible 3 jw\u00e8 sou b\u00f2 g\u00f2ch anvan l konkli nan sifas la ak yon gwo chout pye dwat. Mondy Prunier te vle make lespri moun: \u00ab Se vre, te gen posiblite pou m f\u00e8 pas la, men kalite g\u00f2l sa a se espesyalite m. Mwen te santi m an konfyans, kidonk mwen f\u00e8 sa m te gen pou m f\u00e8, pwouve kapasite m sou aksyon sa a. \u00bb Atakan an te resevwa Zetwal match la pou ekselan p\u00e8f\u00f2mans li.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p>Mondy Prunier gen premye g\u00f2l li nan foutb\u00f2l frans\u00e8. Atakan ayisyen ki mezire 1m88 la di li satisf\u00e8: \u00ab Sa konte anpil pou mwen. Mwen t ap tann moman sa a ak enpasyans. Mwen te santi m pare moralman e fizikman \u00bb, li te di. \u00ab Kounye a, mwen dwe kontinye travay pou m rive nan objektif mwen yo \u00bb.<\/p>\n<p class=\"p2\"><strong>Lukaku Karayib la<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">Antren\u00e8 l nan Rouen, Arnaud Margueritte, f\u00e8k f\u00e8 p\u00f2tre atakan ayisyen an: \u00ab Se yon vr\u00e8 bit\u00e8, pwisan e tr\u00e8 rapid. Li ka jwe pou kont li devan oswa nan yon sist\u00e8m ak de atakan \u00bb. Yo rele l Lukaku Karayib la, Mondy Prunier vle enpoze l nan foutb\u00f2l frans\u00e8 e jwe pou seleksyon nasyonal la tou. \u00ab Yon r\u00e8v depi adolesans mwen \u00bb, jw\u00e8 a te di nou. Samdi 25 septanm 2021 sa a, Mondy Prunier pet\u00e8t menm make pwen paske seleksyon\u00e8 nasyonal la, Jean-Jacques Pierre li menm, te asiste rankont lan. Yo te pale k\u00e8k mo rapidman, pandan n ap tann, eventy\u00e8lman, yon premye konvokasyon nan ekip nasyonal la mwa pwochen.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atakan ayisyen FC Rouen nan, Mondy Prunier (21 an), make de premye g\u00f2l li nan foutb\u00f2l frans\u00e8, samdi 25 septanm sa a, kont rez\u00e8v Stade Malherbe de Caen nan National 2. Pwobableman, k\u00f2mansman yon long e b\u00e8l avanti. Mondy Prunier f\u00e8t nan komin Kafou, an Ayiti, 22 desanm 1999. F\u00f2me nan AS Truitier, Mondy te [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38632","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38632","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38632"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38632\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38632"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38632"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38632"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}