{"id":38627,"date":"2021-09-27T20:31:49","date_gmt":"2021-09-28T00:31:49","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yon-wikenn-fou-pou-grenadye-nou-yo\/"},"modified":"2021-09-27T20:31:49","modified_gmt":"2021-09-28T00:31:49","slug":"yon-wikenn-fou-pou-grenadye-nou-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yon-wikenn-fou-pou-grenadye-nou-yo\/","title":{"rendered":"Yon wikenn fou pou grenadye nou yo!"},"content":{"rendered":"<p>Grenadye nou yo prezan nan chanpyona etranje yo. K\u00f2manse ak Christiano Fran\u00e7ois, ki make de g\u00f2l nan USL Championship Ozetazini ak Miami FC, pase pa j\u00e8n Mondy Prunier, ki make de g\u00f2l ak FC Rouen 1899. Drapo ble e wouj ayisyen an te byen reprezante wikenn sa a.<\/p>\n<p>Si chanpyona foutb\u00f2l ayisyen an an vakans depi plizy\u00e8 mwa, chanpyona sou t\u00e8 etranje yo pa chita. Konpatriy\u00f2t nou yo te an flanm wikenn sa a, ak p\u00e8f\u00f2mans pr\u00e8ske XXL, k\u00f2manse ak \u00ab Christiano \u00bb Fran\u00e7ois nou an, ki make de fwa nan s\u00e8lman swasannsenk (65) minit nan yon festival sis (6) g\u00f2l a en ekip li Miami FC f\u00e8 sou do Loudoun United. Kounye a li gen n\u00e8f (9) g\u00f2l nan kont\u00e8 l nan dezy\u00e8m echlon foutb\u00f2l ameriken an.<\/p>\n<p>Nan MLS, Derrick \u00c9tienne pa make, men li se youn nan gwo atizan viktwa ekip li Columbus Crew (2-1) sou do FC Montr\u00e9al. Z\u00e8l g\u00f2ch ayisyen an bay pas desizif pou Gyasi Zardes, sou yon b\u00e8l ouv\u00e8ti mwens pase yon minit anvan fen tan reglemant\u00e8 premye mitan an.<\/p>\n<p>*L\u00f2t b\u00f2 Atlantik la!*<\/p>\n<p>\u00ab Lukaku \u00bb Karayib la, Mondy Prunier, ap vin pi enpresyonan de pli zan pli l\u00e8 l make yon doub pou ekip li devan SM Caen II, viktwa (5-2) pou 8y\u00e8m jounen National 2. Sou youn nan g\u00f2l Mondy yo, \u00ab A 52 an, mwen pa t janm w\u00e8 yon g\u00f2l t\u00e8lman ekstra\u00f2din\u00e8&#8230;\u00bb, antren\u00e8 SM Caen II, Fabrice Vandeputte, deklare.<\/p>\n<p>Tr\u00e8z (13) se kantite minit Johndly Van Der Meer jwe, men sa ki esansy\u00e8l f\u00e8t. Ekip li, SC Cambuur, bat Sparta Rotterdam sou n\u00f2t (4-0) nan chanpyona oland\u00e8 a.<\/p>\n<p>B\u00f2 kote D\u00e0nmak, grenadye Deedson Louicius make e bay pas desizif pou ekip li Hobro IK devan ekip Helsingor (2-2) pou 10y\u00e8m jounen chanpyona a.<\/p>\n<p>N ap tann yon wikenn pwochen ki menm jan fou pou grenadye nou yo, ak Carlens Arcus, ki te sou ban an, ki pral titil\u00e8 fwa sa a, ak gwo retou Duckens Nazon ki nan enfimri.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Grenadye nou yo prezan nan chanpyona etranje yo. K\u00f2manse ak Christiano Fran\u00e7ois, ki make de g\u00f2l nan USL Championship Ozetazini ak Miami FC, pase pa j\u00e8n Mondy Prunier, ki make de g\u00f2l ak FC Rouen 1899. Drapo ble e wouj ayisyen an te byen reprezante wikenn sa a. Si chanpyona foutb\u00f2l ayisyen an an vakans [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38627","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38627","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38627"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38627\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38627"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38627"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38627"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}