{"id":38624,"date":"2021-09-28T22:21:42","date_gmt":"2021-09-29T02:21:42","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yood-ak-ime-li-a-lasos-ayisyen\/"},"modified":"2021-09-28T22:21:42","modified_gmt":"2021-09-29T02:21:42","slug":"yood-ak-ime-li-a-lasos-ayisyen","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yood-ak-ime-li-a-lasos-ayisyen\/","title":{"rendered":"Yood ak im\u00e8 li, a las\u00f2s ayisy\u00e8n"},"content":{"rendered":"<p>Yood pa s\u00e8lman di blag. Li kwit yo. Se sa ki f\u00e8 patikilarite j\u00e8n komik ayisyen sa a k ap anime rezo sosyo yo chak jou.<\/p>\n<p>Sou paj Facebook li oswa kont twitter li, imoris Yood ap f\u00e8 plas li pandan l ap bati yon enfliyans ki byen merite.<\/p>\n<p>Yoodjeeg Nicolas se yon j\u00e8n imoris ak nonm daf\u00e8 ayisyen ki baze nan repiblik vwazen an. Papa twa (3) pitit, Kapwa sa a klere, san l pa konnen, jounen anpil Ayisyen ak blag li yo.<\/p>\n<p>Kary\u00e8 l pran v\u00f2l an 2016. Men, se sou ban lek\u00f2l li te f\u00e8 premye pa l nan atizay f\u00e8 moun ri.<\/p>\n<p>Yood gen yon kreyativite ki deb\u00f2de. Blag li yo soti nan okenn kote e yo kite moun w\u00e8 jeni l, tank yo orijinal. Se yon Ti Bato kontanporen. S\u00e8l diferans lan, li pa di blag li yo; li ekri yo.<\/p>\n<p>Chak jou, Yood resevwa mesaj ankourajman pou travay li, li f\u00e8 redaksyon Hebdo 24 konfidans.<\/p>\n<p>Pou f\u00e8 im\u00e8 a tounen yon aktivite ki rap\u00f2te, men tou pou reponn bezwen fanmi l, Yood f\u00e8 piblisite sou rezo sosyo yo tou. K\u00f2mandit\u00e8 yo, malgre rez\u00e8v yo ak timidite yo, pwofite yon piblik ki laj e ki chaje antouzyasm.<\/p>\n<p>Menm si, paske l pa t gen mwayen, li te oblije mete etid iniv\u00e8sit\u00e8 l sou kote apre yon ane nan medsin, Yood espere yon jou reprann yo kote l te kite yo, e jwenn dipl\u00f2m li pou l f\u00e8 fanmi l kontan.<\/p>\n<p>Yood vle s\u00e8vi ak popilarite l sou rezo sosyo yo pou ankouraje jen\u00e8s ayisyen an angaje l pou devlopman peyi a.<\/p>\n<p>Pandan l fy\u00e8 de metye l, Yood envite j\u00e8n ayisyen yo pran menm chemen an si yo vr\u00e8man gen vokasyon sa a paske, dapre li, nou tout ka reyisi lavi nou ak metye nou chwazi.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Yood pa s\u00e8lman di blag. Li kwit yo. Se sa ki f\u00e8 patikilarite j\u00e8n komik ayisyen sa a k ap anime rezo sosyo yo chak jou. Sou paj Facebook li oswa kont twitter li, imoris Yood ap f\u00e8 plas li pandan l ap bati yon enfliyans ki byen merite. Yoodjeeg Nicolas se yon j\u00e8n imoris [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4379],"tags":[],"class_list":["post-38624","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38624","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38624"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38624\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38624"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38624"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38624"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}