{"id":38617,"date":"2021-10-01T18:16:51","date_gmt":"2021-10-01T22:16:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ronald-koeman-sou-yon-chez-ejektab-nan-barcelone\/"},"modified":"2021-10-01T18:16:51","modified_gmt":"2021-10-01T22:16:51","slug":"ronald-koeman-sou-yon-chez-ejektab-nan-barcelone","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ronald-koeman-sou-yon-chez-ejektab-nan-barcelone\/","title":{"rendered":"Ronald Koeman sou yon &#8220;ch\u00e8z ejektab&#8221; nan Barcelone"},"content":{"rendered":"<p>Nan Barcelone, l\u00e8 antren\u00e8 Oland\u00e8 a ki se ansyen jw\u00e8 klib la, Ronald Koeman, sanble konte. Depi gwo def\u00e8t twa g\u00f2l a zewo (3-0) FC Barcelone devan klib P\u00f2tig\u00e8 Benfica Lisb\u00f2n m\u00e8kredi pase a nan lig chanpyon, sitiyasyon &#8220;Blanc Koeman&#8221; sanble konplike.<\/p>\n<p>Dapre k\u00e8k medya Ewopeyen, rezilta gwo match ant FC Barcelone ak Atl\u00e9tico Madrid demen nan chanpyona Espay ta ka det\u00e8minan pou avni antren\u00e8 Batav la. Pandan li deja devwale lis li lav\u00e8y klasik sa a devan Colchoneros yo, ansyen antren\u00e8 seleksyon Orange (Olann) ta deja revoke, Alexandre Ruis, yon analis esp\u00f2tif moun rekon\u00e8t e respekte anpil an Frans ak an Ew\u00f2p, te f\u00e8 konnen sou paj Facebook li.<\/p>\n<p>&#8220;Depi klib la retounen an Espay apre &#8220;dezas Lisb\u00f2n nan&#8221; m\u00e8kredi pase a nan Lig Chanpyon, Juan La Porta revoke Ronald Koeman nan p\u00f2s antren\u00e8 klib Blaugrana a&#8221;, ansyen jounalis Bein Sport la te rakonte.<\/p>\n<p>Kat l\u00f2t antren\u00e8 prezidan La Porta chwazi ta deja sou tab la pou ranplase Koeman. Pami yo, non ansyen jw\u00e8 klib la, Xavier Hernandez, ak ansyen gwo milye Italyen an, Andrea Pirlo, repete anpil nan lapr\u00e8s, kit se Katalan kit se Espany\u00f2l.<\/p>\n<p>Non akty\u00e8l antren\u00e8 B\u00e8ljik la, Roberto Martinez, ak Gallardo site tou pou ranplase Koeman.<\/p>\n<p>Sitiyasyon Antren\u00e8 a te deja konplike ane pase a, non s\u00e8lman paske se ansyen prezidan an, Jos\u00e9 Maria Bartomeu, ki te nonmen l, men tou paske rezilta ane pase yo pa t bon.<\/p>\n<p>Klib la te genyen s\u00e8lman koup Espay sou tout konpetisyon li te jwe sezon pase a. Yo te elimine nan uity\u00e8m final Lig Chanpyon an devan PSG, e li te fini twazy\u00e8m nan chanpyona Espay d\u00e8y\u00e8 Atl\u00e9tico ki te chanpyon ak Real Madrid, dezy\u00e8m; tout sa ak prezans Messi.<\/p>\n<p>Ane sa a, anpil chanjman f\u00e8t nan ekip la, kit se nan nivo administratif, men tou e sitou nan nivo esp\u00f2tif. Ekip la te p\u00e8di youn nan pi bon jw\u00e8 l yo, si se pa pi bon an, Lionel Messi, li pa t ka kenbe akoz fair Play finansye an Espay ak div\u00e8s pwobl\u00e8m ekonomik ekip la ap f\u00e8 fas. Anplis Messi, yo p\u00e8di Antoine Griezman, yo prete Atl\u00e9tico Madrid.<\/p>\n<p>Tout chanjman sa yo kontribye nan dekadans ekip la kounye a. Malgre yo te achte Memphis Depay, Luuk de Jong, Sergio Aguero (blese), ekip la sanble toujou tr\u00e8 mod\u00e8s.<\/p>\n<p>Ronald Koeman se pet\u00e8t viktim nimewo 1 sitiyasyon enkyetan klib la ap viv kounye a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan Barcelone, l\u00e8 antren\u00e8 Oland\u00e8 a ki se ansyen jw\u00e8 klib la, Ronald Koeman, sanble konte. Depi gwo def\u00e8t twa g\u00f2l a zewo (3-0) FC Barcelone devan klib P\u00f2tig\u00e8 Benfica Lisb\u00f2n m\u00e8kredi pase a nan lig chanpyon, sitiyasyon &#8220;Blanc Koeman&#8221; sanble konplike. Dapre k\u00e8k medya Ewopeyen, rezilta gwo match ant FC Barcelone ak Atl\u00e9tico Madrid [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4377],"tags":[],"class_list":["post-38617","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38617","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38617"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38617\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38617"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38617"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38617"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}