{"id":38616,"date":"2021-10-01T20:28:30","date_gmt":"2021-10-02T00:28:30","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/academie-nationale-diplomatique-et-consulaire-andc-yon-apel-pou-angajman\/"},"modified":"2021-10-01T20:28:30","modified_gmt":"2021-10-02T00:28:30","slug":"academie-nationale-diplomatique-et-consulaire-andc-yon-apel-pou-angajman","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/academie-nationale-diplomatique-et-consulaire-andc-yon-apel-pou-angajman\/","title":{"rendered":"Acad\u00e9mie nationale diplomatique et consulaire (ANDC): yon ap\u00e8l pou angajman"},"content":{"rendered":"<p>Sou inisyativ yon gwoup etidyan premye ane ANDC yo rele \u00ab Impact \u00bb, yon konferans te \u00f2ganize nan lokal enstitisyon an. \u00abPatisipasyon j\u00e8n yo nan af\u00e8 politik peyi a\u00bb, se t\u00e8m inisyat\u00e8 yo te chwazi.<\/p>\n<p>Madan Chantal Volcy C\u00e9ant te mennen konferans sa a tanbou batan, apre rekt\u00e8 akademi an, Mesye Fritz Bonhomme, te prezante l, li menm moderatris jounen an, etidyant Christie R\u00e9my, te prezante.<\/p>\n<p>Madan C\u00e9ant, ak anpil k\u00e8 kontan, te k\u00f2manse rem\u00e8sye rekt\u00e8 a, vye zanmi l. Anvan ekspoze l, eksp\u00e8 an syans sosyal la te salye devouman gwoup etidyan cho sa a. Apre im nasyonal etidyant Ruth Grandin te ent\u00e8prete a, sal la te deja pandye sou bouch Madan C\u00e9ant ki te plase ent\u00e8vansyon l nan yon kont\u00e8ks pou bay jen\u00e8s la jar\u00e8t pou l patisipe nan af\u00e8 peyi a.<\/p>\n<p>Ent\u00e8venan an te konsantre paw\u00f2l li sou matirite ak responsablite j\u00e8n yo nan devlopman peyi yo.<\/p>\n<p>\u00ab Chanje Ayiti, se f\u00e8 sa ki enposib vin posib \u00bb, li te lage depi ok\u00f2mansman.<\/p>\n<p>Madan C\u00e9ant te raple tout j\u00e8n ta dwe gen yon konesans pwofesyon\u00e8l e ta dwe f\u00e8 yo aksepte yo sou mache travay la. Li te plede tou pou yon redefinisyon relasyon ki etabli ant j\u00e8n yo ak enstitisyon peyi a.<\/p>\n<p>\u00ab Premye aprantisaj la se egzanp, sinon peyi a ap kontinye pwodui fo sitwayen ki disponib pou vann nan lanch\u00e8 \u00bb, li te afime, tankou pou envite j\u00e8n yo konp\u00f2te yo yon fason pou yo pwojte imaj pozitif pou byen sosyete a.<\/p>\n<p>Madan C\u00e9ant te ankouraje j\u00e8n yo pa responsabilize p\u00e8sonn, men pito mete t\u00e8t yo ansanm pou kanpe desant sosyete a nan lanf\u00e8.<\/p>\n<p>Konferansye a te lanse yon ap\u00e8l pou pratike yon aksyon solidarite l\u00e8 yo patisipe nan tout af\u00e8 sosyo-politik peyi a, pandan l raple granmoun yo pa dwe p\u00e8 pou yo ranplase yo.<\/p>\n<p>\u201cNan tout peyi sou lat\u00e8, jewontokrasi pa janm bay rezilta\u201d, li te lanse.<\/p>\n<p>Madan Chantal Volcy C\u00e9ant, anvan l reponn lapli kesyon etidyan yo, te felisite j\u00e8n slam\u00e8 Steveevenson Ch\u00e9ry yo rele Pire Bl\u00e2me pou slam li ki te rezime tout ent\u00e8vansyon l.<\/p>\n<p>E pou f\u00e8men aktivite sa a, j\u00e8n Gibbss Epaphrase, youn nan enstigat\u00e8 aktivite a, te envite pa Rekt\u00e8 a pou l prezante ekip \u00f2ganizat\u00e8 a.<\/p>\n<p>Randevou tr\u00e8 byento pou yon pwochen konferans, pwomosyon \u201cImpact\u201d la pwom\u00e8t.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sou inisyativ yon gwoup etidyan premye ane ANDC yo rele \u00ab Impact \u00bb, yon konferans te \u00f2ganize nan lokal enstitisyon an. \u00abPatisipasyon j\u00e8n yo nan af\u00e8 politik peyi a\u00bb, se t\u00e8m inisyat\u00e8 yo te chwazi. Madan Chantal Volcy C\u00e9ant te mennen konferans sa a tanbou batan, apre rekt\u00e8 akademi an, Mesye Fritz Bonhomme, te prezante [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4381],"tags":[],"class_list":["post-38616","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38616","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38616"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38616\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38616"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38616"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38616"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}