{"id":38608,"date":"2021-10-06T21:03:07","date_gmt":"2021-10-07T01:03:07","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/baskete-espanyol-lejande-a-pau-gasol-pran-retret-li\/"},"modified":"2021-10-06T21:03:07","modified_gmt":"2021-10-07T01:03:07","slug":"baskete-espanyol-lejande-a-pau-gasol-pran-retret-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/baskete-espanyol-lejande-a-pau-gasol-pran-retret-li\/","title":{"rendered":"Bask\u00e8t\u00e8 espany\u00f2l lejand\u00e8 a, Pau Gasol, pran retr\u00e8t li"},"content":{"rendered":"<p>Bask\u00e8t\u00e8 espany\u00f2l lejand\u00e8 a, Pau Gasol, anonse madi 5 okt\u00f2b 2021 sa a pandan yon konferans pou lapr\u00e8s li mete fen ak kary\u00e8 l apre 23 sezon nan nivo pwofesyon\u00e8l.<\/p>\n<p>Se efektif, pivo espany\u00f2l 41 an an, chanpyon dimonn ak seleksyon Espany\u00f2l la an 2006 e de fwa chanpyon NBA ak Lakers Los Angeles, kite s\u00e8n pwofesyon\u00e8l la. &#8220;Jodi a, mwen la pou m di nou sa nou t ap tann nan: mwen pral pran retr\u00e8t mwen nan bask\u00e8t pwofesyon\u00e8l&#8221;, ansyen koekipye Kobe Bryant lan te afime.<\/p>\n<p>Moun ki renmen esp\u00f2 sa a konsidere l k\u00f2m pi gwo Bask\u00e8t\u00e8 espany\u00f2l nan tout tan, Pau te k\u00f2manse jwe lakay Katalan yo kote l te sakre chanpyon chanpyona nasyonal espany\u00f2l la anvan l al Ozetazini presizeman Memphis kote l te k\u00f2manse long kary\u00e8 l nan NBA.<\/p>\n<p>Apre sa, li te pase b\u00f2 kote Los Angeles, lakay Lakers Kobe Bryant t ap dirije a, youn nan lejann Bask\u00e8t Ameriken an. Se la li te konnen pi gwo siks\u00e8 ak p\u00e8f\u00f2mans li an klib apre li te genyen de tit ki egal de bag nan NBA. Apre sa, li te jwe nan l\u00f2t franchiz tankou Bulls, Spurs e finalman Bucks Milwaukee an 2019.<\/p>\n<p>Apre yon long blesi nan pye, li te retounen b\u00f2 kote Barcelone an 2021. Yon retou ki te bon pou doub chanpyon NBA a paske li te genyen yon nouvo tit chanpyon Espay 20 an apre premye tit li.<\/p>\n<p>An seleksyon, Pau te pr\u00e8ske rafle tout bagay sou pasaj li sof tit Chanpyon olenpik li pa t genyen, akoz de fwa seleksyon Ameriken an ki te toujou pi f\u00f2 anpil. Chanpyon dimonn an 2006, li te ofri Roja a twa kouw\u00f2n ewopeyen tou.<\/p>\n<p>Jw\u00e8 espany\u00f2l la te pwofite konferans pou lapr\u00e8s la pou rann yon omaj ki merite bay ansyen zanmi l nan Lakers, Kobe Bryant, ki te mouri tragikman, li menm ak pitit fi l, nan yon aksidan elikopt\u00e8.<\/p>\n<p>&#8220;Li menm ak pitit fi l Gigi manke nou anpil. Li te aprann mwen pou m yon pi bon konpetit\u00e8 e yon ganyan. Mwen te konsidere l k\u00f2m yon gran fr\u00e8&#8221;, Pau Gasol te ajoute.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Bask\u00e8t\u00e8 espany\u00f2l lejand\u00e8 a, Pau Gasol, anonse madi 5 okt\u00f2b 2021 sa a pandan yon konferans pou lapr\u00e8s li mete fen ak kary\u00e8 l apre 23 sezon nan nivo pwofesyon\u00e8l. Se efektif, pivo espany\u00f2l 41 an an, chanpyon dimonn ak seleksyon Espany\u00f2l la an 2006 e de fwa chanpyon NBA ak Lakers Los Angeles, kite [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4377],"tags":[],"class_list":["post-38608","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38608","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38608"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38608\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38608"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38608"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38608"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}