{"id":38593,"date":"2021-10-12T21:16:06","date_gmt":"2021-10-13T01:16:06","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/asanble-jeneral-oea-jeacha-oganize-yon-model-similasyon-pou-42-etidyan\/"},"modified":"2021-10-12T21:16:06","modified_gmt":"2021-10-13T01:16:06","slug":"asanble-jeneral-oea-jeacha-oganize-yon-model-similasyon-pou-42-etidyan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/asanble-jeneral-oea-jeacha-oganize-yon-model-similasyon-pou-42-etidyan\/","title":{"rendered":"Asanble Jeneral OEA: JEACHA \u00f2ganize yon mod\u00e8l similasyon pou 42 etidyan"},"content":{"rendered":"<p><b>Asosyasyon J\u00e8n Akt\u00e8 pou Chanjman (JEACHA) te reyalize, dimanch 10 okt\u00f2b 2021 sa a, soti 9\u00e8 nan maten rive 3\u00e8 nan apremidi, nan lokal Acad\u00e9mie Nationale Diplomatique et Consulaire, Baby\u00f2l, yon seyans similasyon Asanble Jeneral \u00d2ganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak patisipasyon yon ansanm etidyan nan diplomasi ak l\u00f2t disiplin ki konekte, k\u00f2m Reprezantan Eta OEA yo, sou tematik: Dwa Moun, Koripsyon ak Ensekirite.<\/b><\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>42 etidyan ki soti nan plizy\u00e8 iniv\u00e8site nan peyi a te, nan yon anbyans diplomatik, f\u00e8 pozisyon peyi yo reprezante pase sou pwobl\u00e8m ensekirite, koripsyon ak vyolasyon dwa moun k ap f\u00e8 ravaj nan rejyon ameriken an. 35 delege ak 4 manm obs\u00e8vat\u00e8 (ONI, CARICOM, Inyon Afriken, Inyon Ewopeyen) te pwononse diskou yo youn apre l\u00f2t apre yo te fin vote diferan pwopozisyon yo ki dwe kanpe pwobl\u00e8m sa yo nan rejyon an.<\/p>\n<p>Se nan yon sal ki te chaje ak moun \u00f2ganizat\u00e8 inisyativ sa a te p\u00e8m\u00e8t j\u00e8n yo f\u00e8 val\u00e8 yo. Piblik la te tr\u00e8 atantif. Ou te ka li sou figi patisipan yo siy satisfaksyon chak fwa yon delege te pran lapaw\u00f2l.<\/p>\n<p>L\u00e8 yo poze l kesyon sou enp\u00f2tans aktivite sa a ak chwa OEA a, Marcken Love Gloire Gens Guerrier, kow\u00f2donat\u00e8 JEACHA, te soutni &#8220;Mod\u00e8l OEA&#8221; se yon similasyon travay Asanble Jeneral \u00d2ganizasyon Eta Ameriken yo ki gen pou objektif inisye etidyan yo nan teknik negosyasyon ent\u00e8nasyonal. Devan yon sitiyasyon kriz yo pwopoze, gwoup etidyan f\u00f2me pou defann enter\u00e8 yon peyi.<\/p>\n<p>Anplis premye objektif aktivite sa a, Marcken Love G. G. Guerrier te kenbe pou l raple li gen l\u00f2t objektif ki byen lwab.<\/p>\n<p>&#8220;Favorize konpreyansyon fakt\u00e8 ak mekanis ki oryante politik etranj\u00e8 Eta manm OEA yo; Ilistre enp\u00f2tans diplomasi, negosyasyon ak konpwomi nan rech\u00e8ch solisyon komen pou kesyon rejyonal yo; Favorize ent\u00e8aksyon kiltir\u00e8l; Evalye enpak politik global la sou peyi emisf\u00e8 a; se pami prensipal objektif Asanble Jeneral JEACHA \u00f2ganize sa a vize.<\/p>\n<p>Ak sig &#8220;JEACHA&#8221;, Asosyasyon J\u00e8n Akt\u00e8 pou Chanjman (JEACHA) fonde 15 me 2015 P\u00f2toprens. Li travay b\u00f2 kote jen\u00e8s ayisyen an sitou nan dom\u00e8n Relasyon Ent\u00e8nasyonal ak Diplomasi. Prensipal objektif li se sansibilize e responsabilize j\u00e8n yo pou yo patisipe nan batay pou chanjman Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Asosyasyon J\u00e8n Akt\u00e8 pou Chanjman (JEACHA) te reyalize, dimanch 10 okt\u00f2b 2021 sa a, soti 9\u00e8 nan maten rive 3\u00e8 nan apremidi, nan lokal Acad\u00e9mie Nationale Diplomatique et Consulaire, Baby\u00f2l, yon seyans similasyon Asanble Jeneral \u00d2ganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak patisipasyon yon ansanm etidyan nan diplomasi ak l\u00f2t disiplin ki konekte, k\u00f2m Reprezantan Eta [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38593","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38593","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38593"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38593\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38593"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38593"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38593"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}