{"id":38588,"date":"2021-10-13T15:54:43","date_gmt":"2021-10-13T19:54:43","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/eskwokri-sou-rezo-sosyo-yo-fok-nou-pale-de-sa-tou\/"},"modified":"2021-10-13T15:54:43","modified_gmt":"2021-10-13T19:54:43","slug":"eskwokri-sou-rezo-sosyo-yo-fok-nou-pale-de-sa-tou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/eskwokri-sou-rezo-sosyo-yo-fok-nou-pale-de-sa-tou\/","title":{"rendered":"Eskwokri sou rezo sosyo yo, f\u00f2k nou pale de sa tou&#8230;"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><strong>Depi k\u00e8k tan, viktim eskwokri sou rezo sosyo yo ap miltipliye anpil. Fwod\u00e8 yo s\u00e8vi ak fo kont pou opere, souvan ak foto p\u00e8sonalite piblik, pou twonpe viktim yo, e gen anpil temwayaj.<\/strong><\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>Depi pr\u00e8ske 15 an, rezo sosyo yo vin tounen espas sosyal kote fanmi ak zanmi tise lyen yo vity\u00e8lman. Gen moun ki f\u00e8 yo tounen kanal pwomosyon pwodwi yo oswa difizyon enf\u00f2masyon, al\u00f2ske l\u00f2t s\u00e8vi ak yo pou move entansyon.<\/p>\n<p>Li abity\u00e8l pou w w\u00e8 moun, moun konnen kou moun pa konnen, envite zanmi ak fanatik yo siyale fo paj, e pwen komen an rete: aktivite ki vize rache lajan nan men moun ak riz.<\/p>\n<p>Marie-Lucie (non prete), yon j\u00e8n manadj\u00e8 yon atis ayisyen, f\u00e8 nou konfidans li te voye $600 (US) bay yon moun ki t ap pase pou Marc Anderson Bregard, direkt\u00e8 jeneral Radio T\u00e9l\u00e9vision Cara\u00efbes, pou pwomosyon yon chante ki pral soti byento. Ank\u00e8t p\u00e8son\u00e8l li revele animat\u00e8 Canal musical la s\u00e8vi s\u00e8lman ak aplikasyon Whatsapp, al\u00f2ske eskwo a te pale lontan av\u00e8 l sou Facebook messenger.<\/p>\n<p>Jean (non prete) se yon l\u00f2t viktim ki rete Ozetazini. Li te voye $50 bay kouzen l Clothaire. L\u00e8 kouzen an te resevwa ap\u00e8l li, li te etone pou tranzaksyon sa a, paske telef\u00f2n li pa t mache depi plizy\u00e8 sem\u00e8n.<\/p>\n<p>Motivasyon eskwo yo se lajan, e pafwa li pran f\u00f2m yon relasyon damou vity\u00e8l. Yon gwoup yo rele \u00ab Play-boy \u00bb, ki baze Kafou, ta youn nan enstigat\u00e8 aktivite malon\u00e8t sa yo. Bann nan espesyalize nan kreye fo paj ak idantite fi pou twonpe vijilans Ayisyen dyaspora yo. Foto \u201csexy\u201d, diskisyon sou s\u00e8ks, se tout estrataj\u00e8m pou f\u00e8 moun m\u00f2de zen an.<\/p>\n<p>Se vre, okipasyon chak jou, kesyon sekirite ak kriz ki p\u00e8siste a okipe lespri moun, men zak sa yo merite atansyon. Se pout\u00e8t sa, pwochen lejislati a, si li pa tw\u00f2 okipe ap f\u00e8 negosyasyon, oswa omwen soum\u00e8t anba pouvwa egzekitif la jan konstitisyon Jovenel Mo\u00efse la prevwa l, ap dwe pwodui t\u00e8ks lwa ki adapte ak sib\u00e8kriminalite, pou bay lajistis zouti ki neses\u00e8 pou ch\u00e8che e pini fwod\u00e8 yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Depi k\u00e8k tan, viktim eskwokri sou rezo sosyo yo ap miltipliye anpil. Fwod\u00e8 yo s\u00e8vi ak fo kont pou opere, souvan ak foto p\u00e8sonalite piblik, pou twonpe viktim yo, e gen anpil temwayaj. &nbsp; Depi pr\u00e8ske 15 an, rezo sosyo yo vin tounen espas sosyal kote fanmi ak zanmi tise lyen yo vity\u00e8lman. Gen moun [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4381],"tags":[],"class_list":["post-38588","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38588","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38588"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38588\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38588"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38588"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38588"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}