{"id":38572,"date":"2021-10-19T18:51:06","date_gmt":"2021-10-19T22:51:06","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/lig-chanpyon-viktwa-tout-gwo-klib-ewop-yo-eksepte-borussia-dortmund\/"},"modified":"2021-10-19T18:51:06","modified_gmt":"2021-10-19T22:51:06","slug":"lig-chanpyon-viktwa-tout-gwo-klib-ewop-yo-eksepte-borussia-dortmund","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/lig-chanpyon-viktwa-tout-gwo-klib-ewop-yo-eksepte-borussia-dortmund\/","title":{"rendered":"Lig chanpyon: Viktwa tout gwo klib Ew\u00f2p yo, eksepte Borussia Dortmund"},"content":{"rendered":"<p><strong>Yon jounen lig chanpyon san tw\u00f2p gwo sipriz pou gwo klib Ew\u00f2p yo, apa debak Borussia Dortmund nan Olann kont Ajax Amst\u00e8dam (4-0). Tout gwo yo te briye jodi a pou premye pati twazy\u00e8m jounen faz gwoup lig chanpyon an.<\/strong><\/p>\n<p>Nan gwoup A, Manchester City bale Club Bruges sou n\u00f2t san diskisyon senk g\u00f2l a en (5-1) nan deplasman an B\u00e8ljik. Ekip Guardiola antrene a retounen nan viktwa apre li te p\u00e8di nan dezy\u00e8m jounen an nan Parc des Princes kont PSG.<\/p>\n<p>PSG, malgre absans pyon enp\u00f2tan nan dispozitif jw\u00e8t li tankou atakan Brezilyen Neymar akoz blesi ak milye Ajanten Angel Dimaria akoz sispansyon, aliyen yon dezy\u00e8m viktwa youn d\u00e8y\u00e8 l\u00f2t nan lig chanpyon apre sa kont Manchester City nan dezy\u00e8m jounen an. Gras sitou a yon doub Messi, ladan yo yon g\u00f2l sou penalti, ak yon g\u00f2l Kylian Mbapp\u00e9, Paris Saint-Germain bat ak difikilte yon tr\u00e8 bon ekip Leipzig twa g\u00f2l a de (3-2). Se konsa bann Mauricio Pochettino a pase an t\u00e8t klasman gwoup sa a ak 7 pwen, Manchester City vin d\u00e8y\u00e8 l ak 6 pwen. Club Bruges desann nan twazy\u00e8m plas ak 4 pwen kont 0 pou RB Leipzig k ap f\u00e8 yon tr\u00e8 move k\u00f2mansman sem\u00e8n.<\/p>\n<p>Nan gwoup B, malgre de g\u00f2l ansyen Barselon\u00e8 Antoine Griezman, Liverpool rache twa pwen presye nan Wanda Metropolitano kont mesye Diego Pablo Simeone yo (Atl\u00e9tico Madrid). Match la fini sou n\u00f2t twa g\u00f2l a 2 (3-2), sitou ak yon d\u00e8nye penalti nan 15 d\u00e8nye minit yo, siyati Mohamed Salah, ent\u00e8nasyonal Ejipsyen an. Nan l\u00f2t match gwoup la, AC Milan p\u00e8di sou minim\u00f2m yon g\u00f2l a zewo (1-0) kont FC Porto. Yon def\u00e8t ki f\u00e8 ekip Milan nan mal anpil paske li toujou poko jwenn yon s\u00e8l pwen nan faz eliminatwa lig chanpyon sa a.<\/p>\n<p>Nan gwoup C, Ajax kraze Borussia Dortmund Erling Braut Haaland sou n\u00f2t kat g\u00f2l a zewo (4-0) malgre prezans Siborg N\u00f2vejyen an ansanm ak l\u00f2t prodij Borussia yo tankou Jude Bellingham, Julian Brandt, Giovanni Reyna ak l\u00f2t. Akty\u00e8l pi bon bit\u00e8 lig chanpyon sa a, bit\u00e8 Fran-Ivwaryen an, S\u00e9bastien Haller, frape ank\u00f2 e li pwofite ogmante kont\u00e8 l.<\/p>\n<p>Anplis, nan gwoup D, FC Sheriff Tiraspol, ti ekip sa a ki se revelasyon lig chanpyon sa a, pa t ka kenbe t\u00e8t ak Inter Milan ki bat li twa g\u00f2l a en (3-1). Malgre def\u00e8t la, ekip Moldav la toujou lid\u00e8 gwoup sa a ak 6 pwen, Real Madrid vin d\u00e8y\u00e8 l, li menm ki kraze Shakhtar Donetsk Ikr\u00e8n senk g\u00f2l a zewo (5-0). Inter Milan twazy\u00e8m nan klasman an ak 4 pwen, Shakhtar vin d\u00e8y\u00e8 l ak yon s\u00e8l ti pwen.<\/p>\n<p>Ann note jounen lig chanpyon sa a ap kontinye M\u00e8kredi 20 okt\u00f2b ak match tankou Barcelone vs Dynamo Kyiv, Bayern Minik vs Benfica, Manchester United vs Atalanta, Juventus vs Zenit Sen Pet\u00e8sbou ak Chelsea vs Malm\u00f6 FF.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Yon jounen lig chanpyon san tw\u00f2p gwo sipriz pou gwo klib Ew\u00f2p yo, apa debak Borussia Dortmund nan Olann kont Ajax Amst\u00e8dam (4-0). Tout gwo yo te briye jodi a pou premye pati twazy\u00e8m jounen faz gwoup lig chanpyon an. Nan gwoup A, Manchester City bale Club Bruges sou n\u00f2t san diskisyon senk g\u00f2l a [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38572","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38572","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38572"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38572\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38572"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38572"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38572"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}