{"id":38565,"date":"2021-10-21T23:04:41","date_gmt":"2021-10-22T03:04:41","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ako-ant-fc-barcelone-ak-ansu-fati-pou-yon-pwolongasyon-kontra\/"},"modified":"2021-10-21T23:04:41","modified_gmt":"2021-10-22T03:04:41","slug":"ako-ant-fc-barcelone-ak-ansu-fati-pou-yon-pwolongasyon-kontra","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ako-ant-fc-barcelone-ak-ansu-fati-pou-yon-pwolongasyon-kontra\/","title":{"rendered":"Ak\u00f2 ant FC Barcelone ak Ansu Fati pou yon pwolongasyon kontra"},"content":{"rendered":"<p><strong>Klib katalan an ak j\u00e8n Ispano-Gineyen Ansu Fati jwenn yon ak\u00f2 pou pwolonje kontra l jiska 30 jen 2027. Kl\u00f2z liberasyon an fikse a 1.000 milyon ewo&#8221;, sa vle di yon milya ewo, direksyon Bar\u00e7a a te endike nan yon kominike pou lapr\u00e8s.<\/strong><\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>Malgre li tr\u00e8 j\u00e8n, Ansu, ki te gen yon kontra ki t ap ekspire ete pwochen, deja vin youn nan id\u00f2l Camp Nou. Li menm rekipere N.10 lejann ajantin Lionel Messi te kite lib la, l\u00e8 l ale nan PSG sezon sa a.<\/p>\n<p>Viktim yon kase menisk nan jenou g\u00f2ch 7 novanm 2020 kont Betis S\u00e9ville, j\u00e8n ent\u00e8nasyonal Espany\u00f2l la (4 seleksyon) te sibi kat operasyon e li te rete lwen teren yo pandan pr\u00e8ske yon ane. 26 septanm, pou gwo retou l, Fati te antre nan jw\u00e8t la nan 81y\u00e8m minit e li te make g\u00f2l 3-0 a nan tan siplemant\u00e8 devan Levante, pou 7y\u00e8m jounen Liga a. E dimanch, pou premye fwa li titil\u00e8 depi blesi l, Fati te make g\u00f2l 1-1 a epi li te pwovoke penalti 2-1 a anvan l bay plas li. M\u00e8kredi devan Dynamo Kyiv, li te antre apre poz la (46y\u00e8m), men li pa t tw\u00f2 det\u00e8minan.<\/p>\n<p>Sa f\u00e8 yon dezy\u00e8m pwolongasyon kontra enp\u00f2tan klib katalan an sele, apre pa milye teren Pedri Gonzalez (18 an) yo pwolonje jiska 2026, yo te anonse jedi a ak, la tou, yon kl\u00f2z depa yon milya ewo. Madi nan konferans pou lapr\u00e8s anvan match la, Ronald Koeman te deja di Bar\u00e7a te &#8220;pr\u00e8t pou pwolonje Ansu Fati&#8221; e li te jije se te &#8220;yon tr\u00e8 bon nouv\u00e8l&#8221;. &#8220;Se yon jw\u00e8 ki dwe enkane avni klib sa a&#8221;, teknisyen ney\u00e8land\u00e8 a te ajoute.<\/p>\n<p>Ann note ak 13 g\u00f2l an pwofesyon\u00e8l, Ansu Fati se blaugrana ki make plis g\u00f2l anvan 19 an, devan Bojan Krkic (12 g\u00f2l) ak Lionel Messi (7). Sou anviwon 2.000 premye minit ak premye ekip Bar\u00e7a a, Fati make 15 g\u00f2l, al\u00f2ske Messi te make s\u00e8lman 11. \u00c8ske li sou bon chemen pou l ranplase superstar ajantin nan, Lionel Messi, yo konsidere k\u00f2m pi gwo jw\u00e8 klib sa a?<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Klib katalan an ak j\u00e8n Ispano-Gineyen Ansu Fati jwenn yon ak\u00f2 pou pwolonje kontra l jiska 30 jen 2027. Kl\u00f2z liberasyon an fikse a 1.000 milyon ewo&#8221;, sa vle di yon milya ewo, direksyon Bar\u00e7a a te endike nan yon kominike pou lapr\u00e8s. &nbsp; Malgre li tr\u00e8 j\u00e8n, Ansu, ki te gen yon kontra ki [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377],"tags":[],"class_list":["post-38565","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38565","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38565"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38565\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38565"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38565"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38565"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}