{"id":38538,"date":"2021-10-30T21:31:51","date_gmt":"2021-10-31T01:31:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/messi-ap-bite-lapres-franse-a-pedi-pasyans\/"},"modified":"2021-10-30T21:31:51","modified_gmt":"2021-10-31T01:31:51","slug":"messi-ap-bite-lapres-franse-a-pedi-pasyans","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/messi-ap-bite-lapres-franse-a-pedi-pasyans\/","title":{"rendered":"Messi ap bite, Lapr\u00e8s frans\u00e8 a p\u00e8di pasyans"},"content":{"rendered":"<p>F\u00f2m Messi kounye a k\u00f2manse f\u00e8 obj\u00e8 deba nan lapr\u00e8s ent\u00e8nasyonal, sitou an Frans. Y\u00e8 vandredi, apre yon l\u00f2t match desevan La Pulga, jounal frans\u00e8 \u00ab l&#8217;\u00c9quipe \u00bb, nan premye paj li, mande t\u00e8t li \u00ab si Leo Messi ap jwenn nivo li te genyen nan FC Barcelone an ank\u00f2 \u00bb. Medya a te evoke enpasyans PSG ak sip\u00f2t\u00e8 l yo.<\/p>\n<p>Akty\u00e8l nimewo &#8220;30&#8221; parizyen an te oblije kite klib blaugrana a pout\u00e8t sitiyasyon finansye kritik li, kidonk li te pran desizyon pou l antre nan Paris Saint-Germain. Li rive ete sa a apre yon tr\u00e8 long kary\u00e8 Barcelone, men zetwal ajantin nan p ap viv pi bon moman l sou t\u00e8 frans\u00e8.<\/p>\n<p>Parizyen yo ki te kw\u00e8 f\u00e8m yo t ap viv pi bon Leo a byen vit, etone paske jiskaprezan Messi poko bay menm 1\/10 nan tout sa l te f\u00e8 Barcelone. Pou kounye a, li make s\u00e8lman twa g\u00f2l (de kont RB Leipzig ak youn kont City nan Lig chanpyon).<\/p>\n<p>Sitiyasyon sa a sanble twoublan. Lapr\u00e8s frans\u00e8 a deja k\u00f2manse doute de p\u00e8f\u00f2mans zetwal ajantin nan. Jounal chak jou &#8220;L&#8217;\u00c9quipe&#8221;, nan premye paj li vandredi sa a, se egzanp lan. Li estime pis ajantin nan bay tr\u00e8 piti nan kapasite l jis kounye a sou teren an.<\/p>\n<p>&#8220;Finalman yon bon depa?&#8221;, jounal la mande, epi li ajoute nan soutit: &#8220;Depi li rive nan PSG ete sa a, Messi poko atenn nivo p\u00e8f\u00f2mans li te genyen nan Bar\u00e7a&#8221;. Pa gen enkyetid, men enpasyans k\u00f2manse gaye&#8221;.<\/p>\n<p>Vandredi sa a ank\u00f2 kont Lille nan ligue1, yon ekip ki deja rache ligue1 ak Superkoup Lafrans nan men Pochettino ak konpayi, moun te s\u00e8t\u00e8nman ap tann Messi an absans Mbapp\u00e9 ki blese. Men, Pi bon jw\u00e8 nan mond lan kite fanatik boul won yo ak swaf yo ank\u00f2.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>F\u00f2m Messi kounye a k\u00f2manse f\u00e8 obj\u00e8 deba nan lapr\u00e8s ent\u00e8nasyonal, sitou an Frans. Y\u00e8 vandredi, apre yon l\u00f2t match desevan La Pulga, jounal frans\u00e8 \u00ab l&#8217;\u00c9quipe \u00bb, nan premye paj li, mande t\u00e8t li \u00ab si Leo Messi ap jwenn nivo li te genyen nan FC Barcelone an ank\u00f2 \u00bb. Medya a te evoke [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-38538","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38538","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38538"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38538\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38538"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38538"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38538"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}