{"id":38533,"date":"2021-11-01T09:59:40","date_gmt":"2021-11-01T13:59:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yo-anonse-lanmo-franketienne-fanmi-an-demanti-rime-yo\/"},"modified":"2021-11-01T09:59:40","modified_gmt":"2021-11-01T13:59:40","slug":"yo-anonse-lanmo-franketienne-fanmi-an-demanti-rime-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yo-anonse-lanmo-franketienne-fanmi-an-demanti-rime-yo\/","title":{"rendered":"Yo anonse lanm\u00f2 Frank\u00c9tienne, fanmi an demanti rim\u00e8 yo"},"content":{"rendered":"<p><strong>Nan fen jounen 31 okt\u00f2b 2021, sou rezo sosyo yo, rim\u00e8 t ap sikile ki f\u00e8 kw\u00e8 Frank\u00c9tienne ta mouri. St\u00e9phane Franck Etienne, pitit fi dramatij la, te kontakte redaksyon nou an pou l bay yon demanti f\u00f2m\u00e8l sou fo enf\u00f2masyon sa yo.<\/strong><\/p>\n<p>Anef\u00e8, Konsil la, Madan St\u00e9phane Franck \u00c9tienne, te bay presizyon depi konsila jeneral Ayiti nan Boston.<\/p>\n<p>Apre li te pase yon mwa ak yon jou lopital pou konplikasyon ki lye ak kowonaviris, dokt\u00e8 l yo te voye Frank\u00c9tienne lakay li. Pandan l t ap repoze, yo te antre l ank\u00f2 an ijans lopital pa prekosyon apre yon gwo lafy\u00e8v, pitit fi l la presize. Pout\u00e8t eta l, dokt\u00e8 yo deside kenbe l lopital pandan konvalesans li.<\/p>\n<p>Fanmi an te sezi w\u00e8 anons lanm\u00f2 Frank\u00c9tienne sou rezo sosyo yo.<\/p>\n<p>Anef\u00e8, pitit fi ekriven pwolifik la, nan non tout fanmi an, bay yon demanti f\u00f2m\u00e8l sou rim\u00e8 sa yo.<\/p>\n<p>\u00ab Papa m pi byen. L ap pran medikaman l pou kounye a. Li pi byen. Mwen pa konprann poukisa moun ki gen move entansyon sa yo lanse nan yon batay meprizab pou simaye fo enf\u00f2masyon. Papa m pa mouri, li toujou vivan \u00bb, St\u00e9phane te f\u00e8 redaksyon nou an konfidans.<\/p>\n<p>Fanmi an rem\u00e8sye dokt\u00e8 yo ki te f\u00e8 tout sa yo kapab byen vit pou kenbe Franck vivan. Li rem\u00e8sye tou tout moun ki te priye pou nonm ki gen plizy\u00e8 k\u00f2d nan banza l lan (pow\u00e8t, mizisyen, dramatij, chant\u00e8).<\/p>\n<p>Ak 85 an, Frank\u00c9tienne f\u00e8 pati moun ki kw\u00e8 chanjman posib pou Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan fen jounen 31 okt\u00f2b 2021, sou rezo sosyo yo, rim\u00e8 t ap sikile ki f\u00e8 kw\u00e8 Frank\u00c9tienne ta mouri. St\u00e9phane Franck Etienne, pitit fi dramatij la, te kontakte redaksyon nou an pou l bay yon demanti f\u00f2m\u00e8l sou fo enf\u00f2masyon sa yo. Anef\u00e8, Konsil la, Madan St\u00e9phane Franck \u00c9tienne, te bay presizyon depi konsila [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38533","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38533","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38533"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38533\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38533"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38533"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38533"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}