{"id":38527,"date":"2021-11-02T10:28:21","date_gmt":"2021-11-02T14:28:21","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/repiblik-dominiken-orevwa-pwogram-viza-espesyal-pou-etidyan-ayisyen-yo\/"},"modified":"2021-11-02T10:28:21","modified_gmt":"2021-11-02T14:28:21","slug":"repiblik-dominiken-orevwa-pwogram-viza-espesyal-pou-etidyan-ayisyen-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/repiblik-dominiken-orevwa-pwogram-viza-espesyal-pou-etidyan-ayisyen-yo\/","title":{"rendered":"Repiblik Dominik\u00e8n: Orevwa pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen yo!"},"content":{"rendered":"<p><strong>Otorite dominiken yo bay Ayiti yon \u00ab kou fatal \u00bb, apre yon \u00ab senp rap\u00e8l \u00bb Minis Af\u00e8 Etranj\u00e8 ak Kilt la, Claude Joseph.<\/strong><\/p>\n<p>Anef\u00e8, gouv\u00e8nman dominiken an deside sispann \u00ab pou yon tan endefini \u00bb pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen nan peyi a. Nouv\u00e8l la gaye tankou poud sou rezo sosyo yo lendi 1ye novanm 2021.<\/p>\n<p>Men dapre jounal dominiken Listin Diario, se vis-minis Af\u00e8 konsil\u00e8 ak migrasyon an, Jatzel Rom\u00e1n, ki te rap\u00f2te sa vandredi swa sou kont Twitter li.<\/p>\n<p>\u00ab Gouv\u00e8nman dominiken an deside sispann pou yon tan endefini pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen an Repiblik dominik\u00e8n \u00bb, responsab piblik minist\u00e8 Af\u00e8 etranj\u00e8 a (Mirex) te pibliye.<\/p>\n<p>F\u00f2k nou di anons lan rive yon ti tan apre gouv\u00e8nman ayisyen an te reponn peyi a sou yon ap\u00e8l prezidan Luis Abinader te lanse, kote l t ap mande kominote ent\u00e8nasyonal la aji \u00ab an ijans \u00bb an Ayiti.<\/p>\n<p>Sanble san lespri polemik ni volonte pou f\u00e8 mal, minis ayisyen Af\u00e8 etranj\u00e8 a, Claude Joseph, te afime sou Twitter Repiblik dominik\u00e8n ap konnen yon \u00ab ogmantasyon kriminalite \u00bb, jan Depatman Deta ameriken an endike nan al\u00e8t li bay vwayaj\u00e8 yo.<\/p>\n<p>\u00ab Apre av\u00e8tisman 25\/10\/21 @StateDept kont ogmantasyon kriminalite nan peyi vwazen yo, mwen ankouraje gouv\u00e8nman dominiken ak ayisyen an travay ansanm pou konbat pwobl\u00e8m ensekirite sou zile a \u00bb, Joseph te ekri sou Twitter.<\/p>\n<p>Apre kou Repiblik vwazen an bay Ayiti a, anpil moun panse otorite ayisyen yo, an reprezay, ta dwe pwofite pou pran mezi pou regilarize kom\u00e8s ant de peyi yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Otorite dominiken yo bay Ayiti yon \u00ab kou fatal \u00bb, apre yon \u00ab senp rap\u00e8l \u00bb Minis Af\u00e8 Etranj\u00e8 ak Kilt la, Claude Joseph. Anef\u00e8, gouv\u00e8nman dominiken an deside sispann \u00ab pou yon tan endefini \u00bb pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen nan peyi a. Nouv\u00e8l la gaye tankou poud sou rezo sosyo yo lendi [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38527","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38527","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38527"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38527\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38527"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38527"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38527"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}