{"id":38516,"date":"2021-11-04T17:47:41","date_gmt":"2021-11-04T21:47:41","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/usa-eric-adams-dezyem-nwa-ki-eli-majistra-new-york\/"},"modified":"2026-11-17T03:57:01","modified_gmt":"2026-11-17T08:57:01","slug":"usa-eric-adams-dezyem-nwa-ki-eli-majistra-new-york","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/usa-eric-adams-dezyem-nwa-ki-eli-majistra-new-york\/","title":{"rendered":"USA: Eric Adams, dezy\u00e8m nwa ki eli majistra New York"},"content":{"rendered":"<p><strong>Ansyen polisye nwa Eric Adams, 61 an, te genyen fasil kous elektoral pou t\u00e8t meri New-York. Li te bat rival repibliken l lan, Curtis Sliwa, byen lwen ak 70 % v\u00f2t, kont anviwon 27 %, dapre premye rezilta biwo eleksyon vil la difize, e li vin, madi 2 novanm, majistra akty\u00e8l kapital ekonomik Etazini an.<\/strong><\/p>\n<p>Yon nouvo paj louvri nan lavi Eric Adams depi ch\u00e8n ameriken CBS ak NBC news, ki baze sou rezilta prelimin\u00e8 yo, te konfime enf\u00f2masyon ki f\u00e8 konnen li genyen eleksyon yo sou do Curtis Sliwa. L ap antre an fonksyon apre predeses\u00e8 l Bill de Blasio kite p\u00f2s li 31 desanm k ap vini an.<\/p>\n<p>Ansyen polisye ak sendikalis antirasis la abitye ak pratik politik vil New York, kapital ekonomik ak kiltir\u00e8l ameriken an. Soti 2007 rive 2013, li te chita nan Sena Eta New York k\u00f2m senat\u00e8.<\/p>\n<p>&#8220;Pandan kanpay la, li te prezante t\u00e8t li k\u00f2m defans\u00e8 klas mway\u00e8n ak klas popil\u00e8 yo, men tou k\u00f2m yon moun ki pre milye biznis New York, poumon finansye mondyal la&#8221;, France 24 te afime.<\/p>\n<p>Nan pwom\u00e8s kanpay li, nouvo majistra a di li angaje l pou l &#8220;pa f\u00e8 okenn konsesyon kont krim ak delit ki te pase nan wouj an 2020.&#8221; Li di li pare pou l chanje figi vil sa a ki te w\u00e8 l grandi.<\/p>\n<p>Apre li te pase 22 an nan s\u00e8vis polis New-York, yon vil li defann ak f\u00f2s kont vyolans represif ak enjistis sosyal, e li te fonde an 1995 \u00ab 100 Blacks in Law Enforcement Who Care \u00bb, yon sendika ki bay t\u00e8t li misyon pou konbat rasis, Eric Adams vin dezy\u00e8m nwa ki eli majistra vil sa a e li pran plas Bill de Blasio nan p\u00f2s sa a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ansyen polisye nwa Eric Adams, 61 an, te genyen fasil kous elektoral pou t\u00e8t meri New-York. Li te bat rival repibliken l lan, Curtis Sliwa, byen lwen ak 70 % v\u00f2t, kont anviwon 27 %, dapre premye rezilta biwo eleksyon vil la difize, e li vin, madi 2 novanm, majistra akty\u00e8l kapital ekonomik Etazini an. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38516","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38516","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38516"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38516\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":39670,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38516\/revisions\/39670"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38516"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38516"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38516"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}