{"id":38477,"date":"2021-11-17T07:38:31","date_gmt":"2021-11-17T12:38:31","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/fayetteville-fest-2021-obed-lamy-genyen-pri-pi-bon-sineyas-emejan\/"},"modified":"2021-11-17T07:38:31","modified_gmt":"2021-11-17T12:38:31","slug":"fayetteville-fest-2021-obed-lamy-genyen-pri-pi-bon-sineyas-emejan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/fayetteville-fest-2021-obed-lamy-genyen-pri-pi-bon-sineyas-emejan\/","title":{"rendered":"Fayetteville fest 2021: Obed Lamy genyen pri \u00ab Pi bon sineyas em\u00e8jan \u00bb"},"content":{"rendered":"<p><strong>Kout metraj \u00ab Once forgotten \u00bb (Yon fwa, bliye) j\u00e8n sineyas ayisyen an, Obed Lamy, f\u00e8k f\u00e8 l genyen, dimanch 14 novanm 2021, pri \u00ab Pi bon sineyas em\u00e8jan \u00bb nan Fayetteville film fest 2021. Fim sa a rakonte istwa twa j\u00e8n esklav nwa yo te lenche, an 1856, nan Arkansas, apre yo te akize yo pou asasina m\u00e8t yo.<\/strong><\/p>\n<p>Obed Lamy ap f\u00e8 ti chemen l byen nan sekt\u00e8 sinema a. Fwa sa a, jounalis la tounen ak k\u00e8 l lej\u00e8 ak Pri \u00ab Pi bon sineyas em\u00e8jan \u00bb ki ta ka ba l jar\u00e8t nan kary\u00e8 l.<\/p>\n<p>\u00ab Pou mwen, sa vle di mwen ka kontinye, sa vle di mwen sou bon chemen. Pri sa a se pou istwa twa j\u00e8n sa yo tou ki rakonte nan dokimant\u00e8 a \u00bb, Obed Lamy te f\u00e8 konnen, pandan l deklare objektif fim sa a se remete istwa lenchaj twa j\u00e8n sa yo nan aktyalite.<\/p>\n<p>Depi 2019, ansyen etidyan Fakilte Syans Imen Iniv\u00e8site Leta d Ayiti a ap viv Ozetazini kote l ap kontinye etid iniv\u00e8sit\u00e8 l nan Iniv\u00e8site Arkansas. Li tonbe damou pou sinema nan kad yon kou pwodiksyon dokimant\u00e8, natif natal vil Ti Gwav la ofri t\u00e8t li yon nouvo orizon: envesti nan sekt\u00e8 sinema a.<\/p>\n<p>Obed Lamy, etidyan nan nivo metriz an jounalis, te deja rafle an 2020 ak kout metraj li \u00ab A Promising Voice \u00bb Pri Piblik FilmLand2020, nan kad festival fim Arkansas Cinema Society \u00f2ganize.<\/p>\n<p>Ki sa Once Forgotten pale?<\/p>\n<p>Once Forgotten (Yon fwa bliye) retounen sou istwa twa j\u00e8n esklav yo te akize pou asasina pwopriyet\u00e8 yo, epi gouv\u00e8nman an ak k\u00e8k manm popilasyon Arkansas te lenche yo an 1856. Men jis la, se yon s\u00e8l son kl\u00f2ch nou te tande. Plis pase 150 an apre, yon \u00f2ganizasyon lokal te al fouye nan achiv ak tradisyon oral yo pou retabli \u201cverite\u201d f\u00e8 yo e komemore memwa Anthony, Aaron ak Randall.<\/p>\n<p>\u00ab Se yon fim ki eksplore fabrikasyon ak eritaj vyolans rasyal Ozetazini, kijan istwa a ekri, sonje e bliye an menm tan, ak enp\u00f2tans pou pwoteje memwa istorik \u00bb, nou te ka li sou paj Facebook Festival Nouvelles vues Ha\u00efti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Kout metraj \u00ab Once forgotten \u00bb (Yon fwa, bliye) j\u00e8n sineyas ayisyen an, Obed Lamy, f\u00e8k f\u00e8 l genyen, dimanch 14 novanm 2021, pri \u00ab Pi bon sineyas em\u00e8jan \u00bb nan Fayetteville film fest 2021. Fim sa a rakonte istwa twa j\u00e8n esklav nwa yo te lenche, an 1856, nan Arkansas, apre yo te akize [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38477","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38477","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38477"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38477\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38477"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38477"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38477"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}