{"id":38465,"date":"2021-11-21T17:50:26","date_gmt":"2021-11-21T22:50:26","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-rivye-masak-claude-joseph-dako-pou-konstriksyon-baraj-la-kontinye\/"},"modified":"2021-11-21T17:50:26","modified_gmt":"2021-11-21T22:50:26","slug":"ayiti-rivye-masak-claude-joseph-dako-pou-konstriksyon-baraj-la-kontinye","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-rivye-masak-claude-joseph-dako-pou-konstriksyon-baraj-la-kontinye\/","title":{"rendered":"Ayiti &#8211; Rivy\u00e8 Masak: Claude Joseph dak\u00f2 pou konstriksyon baraj la kontinye"},"content":{"rendered":"<p><strong>F\u00e8 won ant Minis Af\u00e8 Etranj\u00e8 ayisyen an ak Repiblik Dominik\u00e8n ap kontinye. <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/zafe-jovenel-moise-lajistis-konvoke-martine-moise-claude-joseph\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Claude Joseph<\/a> sote sou tout okazyon pou l montre <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/luis-abinader-sipo-bukele-kowodinasyon\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Luis Abinader<\/a> otorite l.<\/strong><\/p>\n<p>Apre kesyon ensekirite ki egziste sou de b\u00f2 Zile a ki te en\u00e8ve Ch\u00e8f Leta dominiken an, travay konstriksyon baraj la nan nivo rivy\u00e8 Masak divize Chanselye ayisyen an ak Prezidan Repiblik Dominik\u00e8n nan.<\/p>\n<p>\u00ab Repiblik dominik\u00e8n pa gen okenn dwa sou rivy\u00e8 Masak \u00bb, Claude Joseph te deklare av\u00e8k f\u00f2s, pandan l presize vwazen an pa dwe ditou bay t\u00e8t li dwa pou l bay gouv\u00e8nman ayisyen an l\u00f2d.<\/p>\n<p>An definitif, titil\u00e8 MAE a mande pou travay konstriksyon baraj rivy\u00e8 Masak la kontinye.<\/p>\n<p>Nan yon l\u00e8t dat 20 novanm 2021 li voye bay Premye minis Ariel Henry, Dr. Joseph te souliye byenfonde pwoj\u00e8 sa a ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Mo\u00efse, te mete an aplikasyon.<\/p>\n<p>\u00ab Rivy\u00e8 Masak la pa t f\u00e8t nan Repiblik dominik\u00e8n jan k\u00e8k ilranasyonalis dominiken pretann \u00bb, Claude Joseph te di, pandan l ajoute se nan enter\u00e8 Nasyon ayisyen an, pi espesyalman popilasyon z\u00f2n nan, pou pwoj\u00e8 a kontinye e pou l fini.<\/p>\n<p>Anplis, li mansyone, nan okenn ka, Leta ayisyen pa gen pou l sispann oswa kanpe yon pwoj\u00e8 l ap f\u00e8 sou teritwa l sou l\u00f2d yon Gouv\u00e8nman etranje.<\/p>\n<p>Ann souliye travay konstriksyon baraj rivy\u00e8 Masak la sispann depi plizy\u00e8 mwa.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>F\u00e8 won ant Minis Af\u00e8 Etranj\u00e8 ayisyen an ak Repiblik Dominik\u00e8n ap kontinye. Claude Joseph sote sou tout okazyon pou l montre Luis Abinader otorite l. Apre kesyon ensekirite ki egziste sou de b\u00f2 Zile a ki te en\u00e8ve Ch\u00e8f Leta dominiken an, travay konstriksyon baraj la nan nivo rivy\u00e8 Masak divize Chanselye ayisyen an [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38465","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38465","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38465"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38465\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38465"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38465"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38465"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}