{"id":38464,"date":"2021-11-22T18:45:26","date_gmt":"2021-11-22T23:45:26","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/atis-angaje-kebert-bastien-siyen-4yem-album-estidyo-li-ki-rele-barikad-lanmou\/"},"modified":"2021-11-22T18:45:26","modified_gmt":"2021-11-22T23:45:26","slug":"atis-angaje-kebert-bastien-siyen-4yem-album-estidyo-li-ki-rele-barikad-lanmou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/atis-angaje-kebert-bastien-siyen-4yem-album-estidyo-li-ki-rele-barikad-lanmou\/","title":{"rendered":"Atis angaje K\u00e9bert Bastien siyen 4y\u00e8m album estidyo li ki rele \u00ab Barikad lanmou \u00bb"},"content":{"rendered":"<p><strong>Se sou paj ofisy\u00e8l atis la envitasyon an te lanse bay melom\u00e0n yo an jeneral ak fanatik li yo an patikilye. Anef\u00e8, jedi 18 novanm 2021, nan okazyon komemorasyon batay V\u00e8ty\u00e8, atis K\u00e9bert Bastien te siyen 4y\u00e8m album estidyo li nan lokal Jaden Sanba, ki sitiye nan Ri O. Plizy\u00e8 sant\u00e8n j\u00e8n, majorite yo etidyan, fanatik, sip\u00f2t\u00e8 ak manm Lapr\u00e8s kiltir\u00e8l te pran CD yo gratis.<\/strong><\/p>\n<p>Av\u00e8k swen pou l pwopoze fanatik li yo yon bagay diferan, Keb, an konplisite ak Johnson Saint Cyr, rive atenn objektif sa a atrav\u00e8 album sa a.<\/p>\n<p>12 m\u00f2so sou disk sa a; Keb te ekri tout chante yo ak melodi, anvan l kite travay aranjman an pou konp\u00e8 l Johnson.<\/p>\n<p>Yon gita bas, enstriman p\u00e8kisyon ak enstriman van, Keb te f\u00e8 tout sa l kapab pou l ofri yon pwodwi bon kalite.<\/p>\n<p>Album sa a f\u00e8 yon radyografi sosyete a, dapre atis la. Li denonse nan t\u00e8ks li yo barikad yo monte kont l\u00f2t barikad. Kontr\u00e8man ak album anvan yo, atis la chante lanmou sou disk sa a. Nou jwenn, pami l\u00f2t tit sou album sa a, Barika, \u00c8zili dant\u00f2, Pour toi Aby, Piga, Pou manman m, Kontra San, Douvan lavi feat D-Fi, Lasalin, Pou chak kadav, I can feet it, Do Gita, Tankou 2 Atis, Libert\u00e9 Feat Rayannah.<\/p>\n<p>\u00ab Anbasad Lasvis an Ayiti te kontribye anpil nan pwodiksyon ak diplikasyon album sa a \u00bb, nou ka li nan yon n\u00f2t ki pibliye sou paj Facebook reprezantasyon diplomatik la.<\/p>\n<p>Ann raple K\u00e9bert Bastien se moun Sen Lwi di N\u00f2, li te etidye sosyoloji nan fakilte syans imen, ki se yon antite Iniv\u00e8site Leta d Ayiti, ak relasyon ent\u00e8nasyonal nan Acad\u00e9mie nationale diplomatique et consulaire. Pou kounye a li gen 4 album nan kont li; Merde, Pwenn f\u00e8 pa, ki te soti an 2015 pou santan okipasyon an; \u00c9cole nord m\u00e2les ak d\u00e8nye opis sa a yo rele Barikad Lanmou.<\/p>\n<p>Apre piblikasyon album sa a, atis la ak ekip li deja mete kap sou yon nouvo pwoj\u00e8.<\/p>\n<p>\u00ab Mon g\u00e9n\u00e9ral soleil, mon camoquin \u00bb se ansanm woman, t\u00e8ks, atik jounal ak liy syantifik Jacques Stephen Alexis ki pral revize pou koupe t\u00e8ks yo, pou konpozisyon konpl\u00e8. Se sa Keb te anonse pou 5y\u00e8m album li.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se sou paj ofisy\u00e8l atis la envitasyon an te lanse bay melom\u00e0n yo an jeneral ak fanatik li yo an patikilye. Anef\u00e8, jedi 18 novanm 2021, nan okazyon komemorasyon batay V\u00e8ty\u00e8, atis K\u00e9bert Bastien te siyen 4y\u00e8m album estidyo li nan lokal Jaden Sanba, ki sitiye nan Ri O. Plizy\u00e8 sant\u00e8n j\u00e8n, majorite yo etidyan, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4380],"tags":[],"class_list":["post-38464","post","type-post","status-publish","format-standard","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38464","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38464"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38464\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38464"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38464"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38464"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}