{"id":38453,"date":"2021-11-25T16:54:08","date_gmt":"2021-11-25T21:54:08","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/phelicia-dell-prezante-ayiti-art-miyami\/"},"modified":"2021-11-25T16:54:08","modified_gmt":"2021-11-25T21:54:08","slug":"phelicia-dell-prezante-ayiti-art-miyami","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/phelicia-dell-prezante-ayiti-art-miyami\/","title":{"rendered":"Phelicia Dell prezante Ayiti Art Miyami"},"content":{"rendered":"<p><strong>Soti 1ye rive 5 desanm, Phelicia Dell pral prezante Ayiti Art Miyami nan Sant Kiltir\u00e8l Ayisyen an. Se yon fwa kote gwo non lam\u00f2d ak kreyasyon ayisyen pral rankontre, pandan \u00ab Art Basel \u00bb ap bat son plen nan \u00ab Magic City \u00bb.<\/strong><\/p>\n<p>Phelicia Dell pa bezwen prezantasyon ank\u00f2, paske se li ki MVP lam\u00f2d an Ayiti. Tout moun ki branche konnen sa l te f\u00e8 ak V\u00e8v\u00e8 Collections. Men ensekirite, pwobl\u00e8m sosyopolitik yo pouse b\u00e8l kreyatris lam\u00f2d la al etabli l Miyami kote l te pase adolesans li.<\/p>\n<p>\u00ab Anyen pa mache ank\u00f2 nan peyi a. Menm ch\u00e8che manje pa posib nan yon peyi kote gaz manke t\u00e8lman souvan \u00bb, li plenyen.<\/p>\n<p>Ayiti Art se tankou yon fason pou l kenbe vivan yon abondans kreyasyon ayisyen ke jodi a moun pale de li tankou yon bagay ki pase.<\/p>\n<p>Pou l reyisi pari l, li te f\u00e8 ap\u00e8l ak Sandy Dorsainvil, yon gran dam dyaspora Miyami, ki pasyone pou lam\u00f2d etnik, men ki tou yon s\u00f2t de \u00ab Pakapala \u00bb nan zaf\u00e8 \u00f2ganizasyon ev\u00e8nman nan Florid.<\/p>\n<p>\u00ab Nou vle sa bay waouh pou nou ka kontinye f\u00e8 l ane k ap vini yo \u00bb, Phelicia swete.<\/p>\n<p>Piblik la pral kapab achte z\u00e8v Phelicia Dell, David Andr\u00e9, Daphn\u00e9 Flor\u00e9al, \u00c9b\u00e8ne, Tipik cr\u00e9ations oswa Murielle Leconte.<\/p>\n<p>Fefe, jan zanmi l yo rele l, envite gran piblik la vin f\u00e8 plen kalite e sip\u00f2te kreyasyon ayisyen an ki an b\u00e8n akoz kriz k ap frape peyi a depi k\u00e8k tan. Ayisyen kou etranje, machann atizay oswa koleksyon\u00e8 k ap patisipe nan Art Basel, randevou nan Sant Kiltir\u00e8l la pou dekouvri pwodwi li prezante k\u00f2m otantik e ki vo lapenn.<\/p>\n<p>An mas, li toujou gen pwoj\u00e8, nan optik pou f\u00e8 pwomosyon Made in Ha\u00efti, pou \u00f2ganize yon bagay menm jan an, men nan lespri jounen dwa fanm.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Soti 1ye rive 5 desanm, Phelicia Dell pral prezante Ayiti Art Miyami nan Sant Kiltir\u00e8l Ayisyen an. Se yon fwa kote gwo non lam\u00f2d ak kreyasyon ayisyen pral rankontre, pandan \u00ab Art Basel \u00bb ap bat son plen nan \u00ab Magic City \u00bb. Phelicia Dell pa bezwen prezantasyon ank\u00f2, paske se li ki MVP lam\u00f2d [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38453","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38453","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38453"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38453\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38453"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38453"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38453"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}