{"id":38441,"date":"2021-11-30T07:10:21","date_gmt":"2021-11-30T12:10:21","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/6-fanm-eksepsyonel-anba-limye-pwojekte-nan-centre-d-art\/"},"modified":"2021-11-30T07:10:21","modified_gmt":"2021-11-30T12:10:21","slug":"6-fanm-eksepsyonel-anba-limye-pwojekte-nan-centre-d-art","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/6-fanm-eksepsyonel-anba-limye-pwojekte-nan-centre-d-art\/","title":{"rendered":"6 Fanm eksepsyon\u00e8l anba limy\u00e8 pwojekt\u00e8 nan Centre d&#8217;Art"},"content":{"rendered":"<p><strong>Ribrik Cin\u00e9 d&#8217;Art nan Centre d&#8217;Art la ap kontinye ti chemen l. Samdi 27 novanm 2021 sa a, \u00f2ganizat\u00e8 yo te p\u00e8m\u00e8t patisipan yo gen yon ide sou lavi 6 fanm egzanpl\u00e8 peyi Dayiti atrav\u00e8 pwojeksyon fim &#8220;Six femmes d&#8217;exception ou le portrait de figures f\u00e9minines embl\u00e9matiques de la communaut\u00e9 ha\u00eftienne&#8221;.<\/strong><\/p>\n<p>M\u00e9lissa Beralus, ot\u00e8 &#8220;Femme, nom masculin&#8221; te envite katriy\u00e8m s\u00f2ti a.<\/p>\n<p>Li 3\u00e8 nan apremidi. Anba yon ton\u00e8l ki byen kalm nan mitan lakou Centre d&#8217;Art ki nan Ri Roy, P\u00f2toprens, plizy\u00e8 diz\u00e8n moun ap enstale pou yo ofri t\u00e8t yo yon moman vwayaj ak plezi.<\/p>\n<p>Micheline Laudun Denis, Vivianne Gauthier, Emerante De Pradines, Odette Roy Fombrun, Madeleine Desrosiers (Tizo) ak Paulette Poujol Oriol se 6 fanm egzanpl\u00e8 piblik la te gen chans antre nan liniv\u00e8 yo. Apre pwojeksyon sa a, ekriven ak militan feminis la te koze ak piblik la pou l eseye bay pwen de vi l sou fim nan. Kesyon ak k\u00f2mant\u00e8, youn pi p\u00e8tinan pase l\u00f2t, t ap tonbe sot toupatou.<\/p>\n<p>Cin\u00e9 d&#8217;Art se yon aktivite fim Centre d&#8217;Art ki f\u00e8t de samdi chak mwa anba direksyon Godson Antoine, ak asistans Marcia Valencia Augustin ak Marie Flore Morett. Apre chak pwojeksyon, envite a lanse nan diskisyon ak piblik la sou fim nan.<\/p>\n<p>&#8220;Cin\u00e9 d&#8217;Art gen pou objektif rafine e edike piblik la atrav\u00e8 fim li pwojte yo pou l ka antre an kontak e pran konesans istwa ki lye ak pratik kiltir\u00e8l peyi a&#8221;, Godson Antoine, responsab ribrik la, te endike. Anplis, li ajoute, li vize ede yo devlope yon kilti vizy\u00e8l atrav\u00e8 analiz ki f\u00e8t apre chak pwojeksyon.<\/p>\n<p>An gwo, Centre d&#8217;Art la bay t\u00e8t li anbisyon pou edike, rafine kilti vizy\u00e8l manm li yo ak pa popilasyon an atrav\u00e8 aktivite sa a yo rele Cin\u00e9 d&#8217;Art.<\/p>\n<p>Ann raple, repriz Cin\u00e9 d&#8217;Art se youn nan premye aktivite Centre d&#8217;Art depi nouvo Direkt\u00e8 l, Allenby Auguste, rive. Tout bagay te k\u00f2manse ak pwojeksyon fim &#8220;Tiga : Ha\u00efti, r\u00eave, possession , cr\u00e9ation et folie&#8221; Arnold Antonin, 9 okt\u00f2b 2021.<\/p>\n<p>Centre d&#8217;Art se youn nan espas kiltir\u00e8l peyi a ki vr\u00e8man f\u00e8 pwomosyon kilti ayisyen. Se travay akwarelis ameriken Dewitt Peters. Se yon vr\u00e8 chemen pou pent ayisyen yo e li kite yon mak ki p ap janm efase sou istwa penti ayisyen. Enstitisyon kiltir\u00e8l sa a ki kreye an 1944 e ki rekon\u00e8t k\u00f2m itilite piblik an 1947 ap travay pou pwomosyon kreyasyon atistik Ayiti. Centre d&#8217;Art konsidere k\u00f2m yon vr\u00e8 kreze pou boza an Ayiti.<\/p>\n<p>Depi 1ye septanm 2021, Allenby Auguste alat\u00e8t sant lan k\u00f2m nouvo direkt\u00e8 egzekitif. Apre entwonizasyon l, li vin dezy\u00e8m Ayisyen apre Francine Murat ki prezide desten enstitisyon an.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ribrik Cin\u00e9 d&#8217;Art nan Centre d&#8217;Art la ap kontinye ti chemen l. Samdi 27 novanm 2021 sa a, \u00f2ganizat\u00e8 yo te p\u00e8m\u00e8t patisipan yo gen yon ide sou lavi 6 fanm egzanpl\u00e8 peyi Dayiti atrav\u00e8 pwojeksyon fim &#8220;Six femmes d&#8217;exception ou le portrait de figures f\u00e9minines embl\u00e9matiques de la communaut\u00e9 ha\u00eftienne&#8221;. M\u00e9lissa Beralus, ot\u00e8 &#8220;Femme, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38441","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38441","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38441"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38441\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38441"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38441"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38441"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}