{"id":38432,"date":"2021-12-03T09:39:12","date_gmt":"2021-12-03T14:39:12","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/6yem-edisyon-festival-teyat-en-lisant-lan-lanse\/"},"modified":"2021-12-03T09:39:12","modified_gmt":"2021-12-03T14:39:12","slug":"6yem-edisyon-festival-teyat-en-lisant-lan-lanse","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/6yem-edisyon-festival-teyat-en-lisant-lan-lanse\/","title":{"rendered":"6y\u00e8m edisyon festival teyat En Lisant lan lanse!"},"content":{"rendered":"<p><strong>Se sou t\u00e8m \u00ab L\u00f2t kote \u00bb 6y\u00e8m edisyon festival teyat En Lisant lan ap \u00f2ganize ane sa a. Se sa direkt\u00e8 atistik festival la, Eliezer Gu\u00e9rism\u00e9, te f\u00e8 konnen pandan yon konferans pou lapr\u00e8s nan lokal Centre d&#8217;Art jedi 2 desanm 2021. Yon pak\u00e8t aktivite pwograme ant 13 ak 19 mwa sa a P\u00f2toprens.<\/strong><\/p>\n<p>Anef\u00e8, plizy\u00e8 atis pral bay espektak pandan edisyon sa a nan plizy\u00e8 kote diferan.<\/p>\n<p>\u00ab Migrasyon \u00bb se tematik plizy\u00e8 espektak pral ofri gran piblik la ozalantou. Dapre Mesye Guerism\u00e9, yon nonm teyat moun konnen anpil nan milye atistik la, festival sa a te kreye non s\u00e8lman pou ofri gran piblik la yon teyat gwo kalib, men tou pou akonpaye atis yo l\u00e8 l mete a dispozisyon yo yon espas pwomosyon pou kreyasyon yo.<\/p>\n<p>Malgre konjonkti peyi a kounye a, En Lisant te ka konte sou sip\u00f2 finansye patn\u00e8 ki, depi edisyon anvan yo, kenbe yon bon kolaborasyon ak ekip sa a, direkt\u00e8 atistik la ajoute.<\/p>\n<p>Festival sa a pa konsantre s\u00e8lman sou mizans\u00e8n, paske festivalye yo pral jwenn tou konferans, pwojeksyon fim, lekti-espektak, kozri ak kons\u00e8. Nan yon sem\u00e8n, gran piblik la pral regale ak yon meni byen rich ekip festival la ofri.<\/p>\n<p>Moun ki enterese ka deja achte tik\u00e8 yo pou yo gen aks\u00e8 ak div\u00e8s espektak festival la, menm si gen k\u00e8k ladan yo ki gratis.<\/p>\n<p>\u00ab En Lisant \u00bb sou tout rezo sosyo yo, kidonk tout enf\u00f2masyon sou festival la disponib la.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se sou t\u00e8m \u00ab L\u00f2t kote \u00bb 6y\u00e8m edisyon festival teyat En Lisant lan ap \u00f2ganize ane sa a. Se sa direkt\u00e8 atistik festival la, Eliezer Gu\u00e9rism\u00e9, te f\u00e8 konnen pandan yon konferans pou lapr\u00e8s nan lokal Centre d&#8217;Art jedi 2 desanm 2021. Yon pak\u00e8t aktivite pwograme ant 13 ak 19 mwa sa a P\u00f2toprens. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38432","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38432","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38432"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38432\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38432"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38432"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38432"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}