{"id":38394,"date":"2021-12-29T11:40:27","date_gmt":"2021-12-29T16:40:27","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/frantz-elbe-ak-premye-fo-pa-l-alatet-pnh\/"},"modified":"2021-12-29T11:40:27","modified_gmt":"2021-12-29T16:40:27","slug":"frantz-elbe-ak-premye-fo-pa-l-alatet-pnh","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/frantz-elbe-ak-premye-fo-pa-l-alatet-pnh\/","title":{"rendered":"Frantz Elb\u00e9 ak premye fo pa l alat\u00e8t PNH"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Nan kad preparasyon pou selebrasyon 218 an Endepandans nasyonal la nan vil Gonayiv, Direkt\u00e8 Jeneral polis nasyonal la, M. Frantz Elb\u00e9, sanble pa okipe sitiyasyon ensekirite nan Matisan. Devan kamera Lapr\u00e8s, DG PNH a f\u00e8 yon deklarasyon ki f\u00e8 popilasyon an fache.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Matisan vin depi k\u00e8k tan yon z\u00f2n wouj. Konfli ant gwoup ame yo ak abi gang ame yo f\u00f2se popilasyon sivil la abandone katye sa a ki sitiye nan antre sid kapital ayisyen an. L\u00e8 bandi yo pa vyole j\u00e8n fi nou yo, kidnape sivil oswa detounen kamyon machandiz ki pran wout sa a ki mennen nan twa depatman jewografik peyi a, yo tire sou moun k ap pase epi yo f\u00e8 m\u00f2 ak blese.<\/p>\n<p class=\"p1\">M. Frantz Elb\u00e9, an toune nan depatman Latibonit, egzakteman Gonayiv, vil ki pral resevwa seremoni f\u00e8t Endepandans lan 1ye janvye k ap vini an, reponn kesyon yon jounalis ak mepri.<\/p>\n<p class=\"p1\">L\u00e8 yo poze l kesyon sou d\u00e8nye fiziyad ki te koute lavi omwen kat (4) moun nan Matisan 27 desanm ki sot pase a, DG PNH a raple jounalis la Gonayiv se pa Matisan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ak souri sou bouch li, DG a sanble poko ka planifye yon plan sekirite ki ka retabli lap\u00e8 nan katye popil\u00e8 sa a kote gang yo enpoze lwa yo depi maten rive asw\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sou rezo sosyal yo, reyaksyon yo ap tonbe apre deklarasyon sa a. Rive M. Elb\u00e9 alat\u00e8t polis nasyonal la 21 okt\u00f2b 2021 apre demisyon L\u00e9on Charles gen difikilte pou remete popilasyon ayisyen an espwa, popilasyon ki lage a lam\u00e8si gang ame yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan kad preparasyon pou selebrasyon 218 an Endepandans nasyonal la nan vil Gonayiv, Direkt\u00e8 Jeneral polis nasyonal la, M. Frantz Elb\u00e9, sanble pa okipe sitiyasyon ensekirite nan Matisan. Devan kamera Lapr\u00e8s, DG PNH a f\u00e8 yon deklarasyon ki f\u00e8 popilasyon an fache. Matisan vin depi k\u00e8k tan yon z\u00f2n wouj. Konfli ant gwoup ame yo [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38394","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38394","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38394"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38394\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38394"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38394"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38394"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}