{"id":38370,"date":"2022-01-13T15:07:15","date_gmt":"2022-01-13T20:07:15","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/wilky-toussaint-yon-vre-model-lwen-limye-pwojekte-yo\/"},"modified":"2022-01-13T15:07:15","modified_gmt":"2022-01-13T20:07:15","slug":"wilky-toussaint-yon-vre-model-lwen-limye-pwojekte-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wilky-toussaint-yon-vre-model-lwen-limye-pwojekte-yo\/","title":{"rendered":"Wilky Toussaint, yon \u201cvr\u00e8 mod\u00e8l\u201d lwen limy\u00e8 pwojekt\u00e8 yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>\u00ab Moun ki ogmante konesans li, ogmante doul\u00e8 l \u00bb. Verite sa a ki soti nan liv Eklezyas aplike pou j\u00e8n Wilky Toussaint. Malerezman! Depi pr\u00e8ske 3 an, natif Sen Lwi di N\u00f2 a k\u00f2manse pibliye sou rezo sosyal yo rech\u00e8ch li sou sij\u00e8 div\u00e8s, sitou istwa. Men, se travay li sou dosye PetroCaribe a ki mete l sou \u00f2bit. Depi li te j\u00e8n, li te konn frekante regily\u00e8man bibliyot\u00e8k minisipal Kwadebouke ak Bibliyot\u00e8k Nasyonal la. Depi l\u00e8 sa a, Wilky pran gou pou rech\u00e8ch. Antretan, li te gen yon lanmou espesyal pou istoryen tankou Thomas Madiou, Lesly Manigat, Beaubrun Ardouin pami l\u00f2t, li te li liv yo pr\u00e8ske chak jou. Liv, jounal ki serye, rap\u00f2, se pami sous dokimantasyon j\u00e8n ch\u00e8ch\u00e8 a itilize pou pwodui videyo l yo.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">K\u00e8lkeswa sa k\u00e8k sosyol\u00f2g panse, moun pa toujou pwodui milye l. Pakou Wilky Toussaint se yon pr\u00e8v. A laj 10 an, Wilky pase pif\u00f2 nan adolesans li nan Belekou, yon lokalite nan komin Site Sol\u00e8y. Timoun sa a te temwen okil\u00e8 anpil konfli ant gang rival. An 2013, li fini etid klasik li anvan l antre sou konkou nan fakilte Agwonomi ak medsin veterin\u00e8, kote li jwenn yon espesyalizasyon nan pwodiksyon vejetal.<\/p>\n<p class=\"p1\">Redaksyon nou an kontakte l, Wilky avoue travay li yo f\u00e8t ak anpil difikilte. Li yon rap\u00f2 omwen 300 paj, gade yon emisyon pandan plizy\u00e8 \u00e8dtan oswa tann lontan otorizasyon yon enstitisyon pou fini yon z\u00e8v&#8230;, se pa yon travay fasil. Reyalizasyon travay sa yo mande pasyans ak ent\u00e8lijans, si nou ka kw\u00e8 M. Toussaint.<\/p>\n<p class=\"p1\">K\u00f2m li te pou kont li nan rech\u00e8ch, sent\u00e8z ak montaj yo, Wilky gen entansyon kounye a anseye nosyon debaz sa yo bay l\u00f2t j\u00e8n ki pral ede l nan lavni pwodui travay li yo nan yon tan rek\u00f2.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li pwopoze tou pou l lanse nan yon kanpay pou eksplike j\u00e8n ayisyen done yo se sous rich\u00e8s, pandan l pran egzanp Meta ak Google ki jenere plizy\u00e8 milya dola chak ane. Tout gwo antrepriz pa ka avanse san yon bon itilizasyon done, li kw\u00e8 di kou f\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">\n<p class=\"p1\">\n<p class=\"p1\">Natif N\u00f2dw\u00e8s la reve yon jou j\u00e8n ayisyen, olye y ap prepare pou kite peyi a an mas pou ch\u00e8che yon pi bon lavi, ap f\u00f2me plis pou travay pou bon\u00e8 ak pwosperite patri komen an.<\/p>\n<p class=\"p1\">An d\u00e8nye rekou, Wilky toussaint montre yon rekonesans san limit anv\u00e8 tout moun ki te ede l kontinye r\u00e8v li. Sitou KOMINOTE PEACE, ki konprann byen fonde demach li yo pou pi byen s\u00e8vi kominote a. J\u00e8n iniv\u00e8sit\u00e8 yo, el\u00e8v yo ak gran piblik la envite pou swiv epi apresye gwo z\u00e8v Wilky Toussaint sou rezo sosyal yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>\u00ab Moun ki ogmante konesans li, ogmante doul\u00e8 l \u00bb. Verite sa a ki soti nan liv Eklezyas aplike pou j\u00e8n Wilky Toussaint. Malerezman! Depi pr\u00e8ske 3 an, natif Sen Lwi di N\u00f2 a k\u00f2manse pibliye sou rezo sosyal yo rech\u00e8ch li sou sij\u00e8 div\u00e8s, sitou istwa. Men, se travay li sou dosye PetroCaribe a [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":14971,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38370","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38370","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38370"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38370\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/14971"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38370"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38370"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38370"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}