{"id":38349,"date":"2022-01-22T09:28:21","date_gmt":"2022-01-22T14:28:21","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/poukisa-grenadye-yo-pa-jwe-anko\/"},"modified":"2022-01-22T09:28:21","modified_gmt":"2022-01-22T14:28:21","slug":"poukisa-grenadye-yo-pa-jwe-anko","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/poukisa-grenadye-yo-pa-jwe-anko\/","title":{"rendered":"Poukisa Grenadye yo pa jwe ank\u00f2?"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Ekip nasyonal foutb\u00f2l la pa jwe match depi d\u00e8nye toune l nan Mwayen-Oryan ak viktwa 2-0 li sou J\u00f2dani an septanm 2021. Kat mwa apre, okenn match, okenn siy lavi malgre twa tr\u00e8v FIFA antretan. Eksplikasyon.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Op\u00f2tinite yo rate an 2021<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Deja pou tr\u00e8v FIFA mwa Okt\u00f2b 2021 an, Sirinam te mande Ayiti yon match amikal an Ew\u00f2p. Se te yon bon okazyon pou de ekip yo paske prensipal jw\u00e8 yo ap evolye an Ew\u00f2p. Envitasyon an, ki pa t f\u00f2m\u00e8l se vre, te vini 27 septanm, ki te tw\u00f2 pre dat FIFA yo (4-13 Okt\u00f2b 2021). Tw\u00f2 ta pou konvoke jw\u00e8 yo epi asire tout preparasyon an.<\/p>\n<p class=\"p1\">De pati yo te swete remete sa an novanm 2021. Selekt\u00e8 nasyonal Jean-Jacques Pierre te dak\u00f2, li te menm estime li ta esansy\u00e8l pou jwe match sa a. Sepandan, pa t gen okenn repons ni swivi b\u00f2 kote FHF. Finalman match la pa t f\u00e8t.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ayiti rate tou yon op\u00f2tinite pou jwe kont Gwatemala nan Miami an Okt\u00f2b 2021. Se yon match ki te difisil pou reyalize akoz: restriksyon Covid-19 Ozetazini. Jw\u00e8 k ap evolye an Ew\u00f2p pa t ka antre Amerik di N\u00f2, sa te bloke byen vit diskisyon sou \u00f2ganizasyon match sa a. Jean-Jacques Pierre te ka f\u00f2me yon ekip ak jw\u00e8 United Soccer League (USL) ak chanpyona nasyonal la ak risk pou l aliyen yon ekip ki pa konpetitif ase. Yon l\u00f2t op\u00f2tinite ki tonbe nan dlo. Grenadye yo fini ane 2021 lan 87y\u00e8m nan klasman mondyal FIFA, kidonk san yo pa jwe match ni an Okt\u00f2b, ni an novanm.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Bolivi, Kiba, Kore di Sid<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Rive janvye 2022, kote FIFA gen yon tr\u00e8v ent\u00e8nasyonal yon fason eksepsyon\u00e8l (24 janvye &#8211; 2 fevriye). Te gen sitou de op\u00f2tinite. Dab\u00f2, yon match kont Bolivi 22 janvye e tou de match Kiba 27 ak 30 janvye 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou Bolivi, match la te prevwa andey\u00f2 dat FIFA yo, kidonk li te enposib pou Ayiti ak jw\u00e8 li yo ki aletranje, klib yo pa t ap lage yo. Bolivi te vle jwe kont Ayiti pou prepare de pwochen jounen Eliminatwa Koup dimonn li.<\/p>\n<p class=\"p1\">B\u00f2 pa l, Kiba te byen swete afwonte Ayiti, Kiba, e li te menm vle peye lojman ot\u00e8l pou Grenadye yo ak transp\u00f2 yo yon fwa yo rive Kiba (deplasman ent\u00e8n an bis elatriye&#8230;). FHF te s\u00e8lman gen pou peye tik\u00e8 avyon manm delegasyon l. Federasyon an pa t bay swit paske li te vle Kiba peye tout. Kidonk de match sa yo p ap f\u00e8t.<\/p>\n<p class=\"p1\">Konsa tou, negosyasyon pou yon match kont Kore di Sid an janvye pa t abouti non plis. Twazy\u00e8m fen\u00e8t FIFA youn d\u00e8y\u00e8 l\u00f2t foutb\u00f2l ayisyen an pa eksplwate.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>P\u00e8spektiv<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Kounye a, yo pale de mwa mas k ap vini an ak match posib sa a nan And\u00f2 25 mas. Ti peyi Ew\u00f2p sa a ki kwense ant Lafrans ak Espay vle peye tout. Tout fr\u00e8 enkli. Rete pou nou w\u00e8 kisa ki ka anpeche Grenadye yo jwe match sa a ki ta s\u00e8vi yo preparasyon pou pwochen Lig Nasyon Concacaf la ki prevwa n\u00f2malman pou jen 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pandan l\u00f2t konkiran dir\u00e8k nan z\u00f2n nan aliyen 5-6 match pandan menm pery\u00f2d la, Grenadye yo, yo menm, an repo. Long pery\u00f2d inaktivite sa a s\u00e8t\u00e8nman pa yon bon bagay pou ekip nasyonal la. San pwoj\u00e8 jw\u00e8t, san kontinwite, san ritm. Se yon reta ki pral diminye chans pou nou w\u00e8 yon Ayiti konpetitif nan pwochen echeyans yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ekip nasyonal foutb\u00f2l la pa jwe match depi d\u00e8nye toune l nan Mwayen-Oryan ak viktwa 2-0 li sou J\u00f2dani an septanm 2021. Kat mwa apre, okenn match, okenn siy lavi malgre twa tr\u00e8v FIFA antretan. Eksplikasyon. Op\u00f2tinite yo rate an 2021 Deja pou tr\u00e8v FIFA mwa Okt\u00f2b 2021 an, Sirinam te mande Ayiti yon match [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-38349","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38349","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38349"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38349\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38349"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38349"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38349"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}