{"id":38348,"date":"2022-01-22T18:37:58","date_gmt":"2022-01-22T23:37:58","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/mezon-blanch-sipote-ariel-henry-pi-lwen-pase-7-fevriye-2022\/"},"modified":"2022-01-22T18:37:58","modified_gmt":"2022-01-22T23:37:58","slug":"mezon-blanch-sipote-ariel-henry-pi-lwen-pase-7-fevriye-2022","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/mezon-blanch-sipote-ariel-henry-pi-lwen-pase-7-fevriye-2022\/","title":{"rendered":"Mezon Blanch sip\u00f2te Ariel Henry pi lwen pase 7 fevriye 2022"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Pandan plizy\u00e8 akt\u00e8 sou s\u00e8n politik nasyonal la montre yo an fav\u00e8 yon konsansis pou yon gouv\u00e8nman tranzisyon ak yon prezidan pwovizwa ak yon nouvo t\u00e8t nan Primati a, Mezon Blanch sip\u00f2te Premye Minis de facto Ariel Henry, ki di li pa vle kite pouvwa a 7 fevriye 2022.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Atrav\u00e8 yon rap\u00f2 li bay k\u00e8k jounalis ameriken sou sij\u00e8 yo te diskite nan kad som\u00e8 wo nivo Kanada sou Ayiti a, Sekret\u00e8 Deta adjwen ameriken pou af\u00e8 emisf\u00e8 Lw\u00e8s la, Brian Nichols, endike manda nimewo en Primati a pa mare ak 7 fevriye 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li kontinye, dapre Voa Krey\u00f2l, pou l di li kw\u00e8 p\u00e8p ayisyen an plis enterese nan eleksyon ak yon Prezidan eli demokratikman pase nan dat 7 fevriye 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ariel Henry, b\u00f2 pa l, ap kole pi plis ak pouvwa de facto l. Fen manda l, dapre li, ta mare ak yon Prezidan eli nan Pal\u00e8 nasyonal.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab 7 fevriye pa make fen manda gouv\u00e8nman an ki gen responsablite pou \u00f2ganize eleksyon lib e demokratik. Pwochen lokat\u00e8 Pal\u00e8 nasyonal la pral yon prezidan tout p\u00e8p ayisyen an eli lib \u00bb, Ariel Henry tweete vandredi 21 janvye 2022 sa a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan plizy\u00e8 akt\u00e8 sou s\u00e8n politik nasyonal la montre yo an fav\u00e8 yon konsansis pou yon gouv\u00e8nman tranzisyon ak yon prezidan pwovizwa ak yon nouvo t\u00e8t nan Primati a, Mezon Blanch sip\u00f2te Premye Minis de facto Ariel Henry, ki di li pa vle kite pouvwa a 7 fevriye 2022. Atrav\u00e8 yon rap\u00f2 li bay k\u00e8k [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38348","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38348","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38348"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38348\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38348"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38348"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38348"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}