{"id":38336,"date":"2022-01-28T19:21:13","date_gmt":"2022-01-29T00:21:13","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/covid-19-medecins-pour-tous-ap-pare-pou-femen-kanpay-sansibilizasyon-l\/"},"modified":"2022-01-28T19:21:13","modified_gmt":"2022-01-29T00:21:13","slug":"covid-19-medecins-pour-tous-ap-pare-pou-femen-kanpay-sansibilizasyon-l","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/covid-19-medecins-pour-tous-ap-pare-pou-femen-kanpay-sansibilizasyon-l\/","title":{"rendered":"Covid-19: \u00ab M\u00e9decins pour tous \u00bb ap pare pou f\u00e8men kanpay sansibilizasyon l"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Se vandredi 28 janvye 2022 sa a \u00f2ganizasyon M\u00e9decins pour tous (Med-T) f\u00e8men kanpay sansibilizasyon l kont pandemi kowonaviris la k ap f\u00e8 ravaj depi ane pase sou teritwa nasyonal la. Bibliyot\u00e8k Minisipal Delmas te s\u00e8n yon p\u00f2t ouv\u00e8 ki te k\u00f2manse v\u00e8 10\u00e8 kote espesyalis te diskite ak gran piblik la tou.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Se sou t\u00e8m:&#8221; Ayiti, ti grip, ti fy\u00e8v, kowona oubyen l\u00f2t maladi ?&#8221; pery\u00f2d sansibilizasyon sa a te f\u00e8t nan z\u00f2n metwopolit\u00e8n P\u00f2toprens. Manm \u00f2ganizasyon an pwofite distribye bwochi sou mezi prevantif kont Covid-19 bay etidyan ak el\u00e8v.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;24 janvye 2022, yo te lanse kanpay la nan diferan lek\u00f2l pwofesyon\u00e8l ak klasik nan z\u00f2n metwopolit\u00e8n P\u00f2toprens. Echanj yo te bay bon rezilta, yo te ab\u00f2de anpil kesyon sou: efikasite vaksen yo, ef\u00e8 segond\u00e8 vaksen yo, kenbe mezi bary\u00e8 yo, f\u00e8y yo pran\u2026 ak yon asistans ki te gen j\u00e8n el\u00e8v, teknisyen enf\u00f2matik, jestion\u00e8, j\u00e8n kontab&#8221;, G\u00e9raldine Michel, vis-prezidan M\u00e9decins pour tous, endike.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pami diferan enstitisyon kanpay sansibilizasyon sa a touche, nou ka site: Alliance \u00c9cole professionnelle; ACFIS du Canada; UNASMOH; Lyc\u00e9e Marie Jeanne; Lyc\u00e9e des jeunes filles ak Coll\u00e8ge classique d\u2019Ha\u00efti.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00d2ganizasyon M\u00e9decins pour Tous gen plizy\u00e8 objektif nan kanpay sa a. Pami yo gen volonte pou motive omwen 1000 j\u00e8n respekte mezi bary\u00e8 yo epi agrandi ch\u00e8n sansibilizasyon oswa prevansyon an nan omwen yon mwa, ak f\u00f2me omwen 1000 j\u00e8n sou konesans kle sou covid-19 ak prensipal dyagnostik diferansy\u00e8l yo daprezan 1 mwa.<\/p>\n<p class=\"p1\">L\u00e8 nou mande l ki kote yon inisyativ konsa soti, Sekret\u00e8 jeneral M\u00e9decins pour tous, Sabine Geralda Saint Jean, endike tout sa se yon ap\u00e8l devwa k\u00f2m dokt\u00e8 ayisyen ki sansib a miz\u00e8 popilasyon an.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;Nou remake peyi a ap f\u00e8 fas chak jou ak yon pwobl\u00e8m grav nan nivo sante. K\u00f2m nou pa vle rete chita devan sitiyasyon sa a, nou menm, dokt\u00e8 ki f\u00e8 pati \u00f2ganizasyon an, nou deside pote popilasyon an sekou nan mezi posib&#8221;, pwofesyon\u00e8l sante a ensiste.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kisa M\u00e9decins pour tous (Med-T) ye?<\/p>\n<p class=\"p1\">Anba prezidans Bethsa\u00efda Samanta Pierre Louis, Med-T se yon \u00f2ganizasyon k ap travay nan dom\u00e8n sante. Se yon gwoup pwofesyon\u00e8l ki kreye l, yo te deside mete atansyon yo sou difikilte sekt\u00e8 medikal ayisyen an ap f\u00e8 fas pou reponn bezwen ki pa satisf\u00e8 nan zaf\u00e8 swen sante, sitou pou popilasyon vilnerab k ap viv nan z\u00f2n ki lwen.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se vandredi 28 janvye 2022 sa a \u00f2ganizasyon M\u00e9decins pour tous (Med-T) f\u00e8men kanpay sansibilizasyon l kont pandemi kowonaviris la k ap f\u00e8 ravaj depi ane pase sou teritwa nasyonal la. Bibliyot\u00e8k Minisipal Delmas te s\u00e8n yon p\u00f2t ouv\u00e8 ki te k\u00f2manse v\u00e8 10\u00e8 kote espesyalis te diskite ak gran piblik la tou. Se sou [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4384],"tags":[],"class_list":["post-38336","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sante-ht"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38336","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38336"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38336\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38336"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38336"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38336"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}